Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Mak 15:43 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

43 Jozèf, moun lavil Arimate a, yon manm nan tribinal Jwif la tout moun respekte anpil, ki limenm tou t ap tann etablisman wayòm Bondye, li ale kareman kot Pilat pou l mande l kò Jezi.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

43 Lè sa a Jozèf, yon moun lavil Arimate, vin rive. Se te yon manm respektab nan Gran Konsèy jwif yo. Li menm tou li t'ap tann lè Bondye t'ap vin pran gouvènman an nan men pa li. Li te gen kouray ale devan Pilat mande kò Jezi.

Gade chapit la Kopi

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

43 Joseph Arimathée te vini. Li te yon manm enpòtan nan Konsèy la, e li osi t ap tann wayòm Bondye a. Li te ranmase kouraj li pou ale devan Pilate, e li te mande kò Jésus a.

Gade chapit la Kopi




Mak 15:43
16 Referans Kwoze  

Anpil moun ki nan premye plas kounye a ap gen pou vin dènye. Anpil moun ki dènye kounye a gen pou yo vin premye.


Konsa, anpil moun ki nan dènye plas kounye a ap gen pou vin premye. Anpil moun ki premye kounye a gen pou yo vin dènye.”


Nan apremidi te gen yon nonm rich ki te disip Jezi, yo rele Jozèf, moun Arimate, ki te vini


Pyè ki t ap swiv yo a yon distans te antre nan lakou granprèt la tou. Li rantre nan lakou a epi li chita nan mitan sèvitè yo, li t ap chofe dife.


Pilat te sezi tande Jezi gen tan mouri. Li rele ofisye lame a, epi li mande l si Jezi gentan mouri vre.


Vwala te gen yon nonm ki te rele Simeyon ti t ap viv nan Jerizalèm. Se te yon nonm ki te viv lavi l byen selon volonte Bondye epi li te gen krentif pou Li tou. Li t ap veye ki lè pou Mesi a te parèt vin delivre Izrayèl. Senyè a te avèk Simeyon.


Nan menm lè sa a, Àn pwoche bò kote yo, li kòmanse fè lwanj Bondye epi li t ap pale de Jezi ak tout moun ki t ap tann ki lè pou Bondye te vin delivre Jerizalèm.


Vwala te gen yon nonm nan zòn nan yo rele Jozèf. Se te yon manm gran konsèy Jwif yo, men se te yon moun debyen, ki te mache dwat devan Bondye.


Jozèf pa t dakò ak gran konsèy la, ni nan desizyon yo te pran ni nan aksyon yo te poze. Jozèf sa a te moun lavil Arimate, yon vil nan teritwa Jide. Jozèf se youn ki t ap tann Wayòm Bondye a etabli.


Apre bagay sa yo, Jozèf, moun lavil Arimate a, te mande Pilat otorizasyon pou l pran kò Jezi. Se te yon disip tou, men li te disip Jezi ankachèt, paske li te pè Jwif yo. Pilat dakò, kon sa Jozèf vin pran kò a.


Men, Jwif yo menm te monte tèt yon ekip gwo medam lavil la ki te konvèti nan relijyon yo a, ansanm ak lidè yo pou soulve yo kont Pòl ak Banabas. Yo tout te tonbe pèsekite Pòl ak Banabas epi yo chase yo mete deyò nan vil la.


Sa te fè anpil nan yo te kwè nan Kris la. Te gen anpil notab Grèk nan moun ki te kwè yo, fi tankou gason.


Se kon sa tou, anpil frè ak sè nan fanmi Bondye a vin pran plis kouray nan Senyè a, paske m nan prizon. Yo kòmanse vin gen plis kouray de jou an jou pou yo anonse Levanjil la san krent.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite