Yo te leve granmmaten, e yo te sòti deyò nan dezè Tekoa a. Pandan yo tap sòti, Josaphat te kanpe. Li te di: “Koute mwen, O Juda avèk moun Jérusalem yo, mete konfyans nou nan SENYÈ a, Bondye nou an, e nou va etabli. Mete konfyans nou nan pwofèt Li yo, e nou va vin reyisi.”
Li te di yo: “Paske lafwa nou tèlman piti. Paske konsa Mwen di nou: Si nou gen lafwa gwosè yon grenn moutad, nou ap di a mòn sa a: ‘Deplase ou isit la, ale la,’epi l ap prale. Nanpwen anyen k ap enposib pou nou.
Jésus te reponn e te di yo: “Anverite Mwen di nou: Si nou gen lafwa e nou pa doute, non sèlman n ap fè sa ki te fèt a fig frans lan, men menm si nou di a mòn sa a: ‘Leve ale jete ou nan lanmè’, sa va fèt.
Paul, yon sèvitè-atache nèt a Bondye, e yon apot Jésus Kri, pou lafwa a sila ki te chwazi pa Bondye yo, ak konesans verite ki an akò avèk vi sentete a,