Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Tit 1:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Paul, yon sèvitè-atache nèt a Bondye, e yon apot Jésus Kri, pou lafwa a sila ki te chwazi pa Bondye yo, ak konesans verite ki an akò avèk vi sentete a,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Mwen menm, Pòl, mwen se sèvitè Bondye, yon apòt Jezikri. Se Bondye menm ki voye m pou m ede moun li chwazi yo rive gen konfyans nan li, pou m fè yo konnen verite a jan n'ap viv li nan sèvis Bondye,

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 M ap salye w, mwen menm Pòl, yon sèvitè Bondye, yon apot Jezikris voye. Travay mwen se pou m ede moun Bondye chwazi yo pou yo fè Bondye plis konfyans epi pou yo konprann ansèyman ki dwat sou Jezi. Ansèyman sa a pral ede yo viv yon fason ki fè lwanj pou Bondye epi ki fè Bondye plezi.

Gade chapit la Kopi




Tit 1:1
23 Referans Kwoze  

Men Aaron avèk fis li yo te lofri sou lotèl ofrann brile a ak sou lotèl lansan an, pou tout zèv kote ki pi sen pase tout lòt yo a e pou fè ekspiyasyon pou Israël, selon tout sa ke Moïse, sèvitè Bondye a, te òdone.


Alò, èske Bondye p ap fè jistis pousila Li chwazi yo, ki kriye a Li lajounen kon lannwit, epi èske Li vafè anpil reta sou yo?


Lè pèp etranje yo te tande sa, yo te kòmanse rejwi e t ap bay glwa a pawòl Bondye a. Konsa, tout sila ki te nome pou lavi etènèl yo te kwè.


Paul, yon sèvitè-atache nèt a Jésus Kri, aple kòm apot mete apa pou bòn nouvèl Bondye a,


Paul, yon apot Kris Jésus pa volonte Bondye, e Timothée, frè nou, a legliz Bondye ki nan Corinthe lan, avèk tout sen ki toupatou nan vil Achaïe yo:


Paske se pa lagras ke nou sove atravè lafwa. E sa pa de nou menm, se kado a Bondye a.


Paul ak Timothée, sèvitè-atache nèt a Jésus Kri yo, a tout fidèl ki nan Kris Jésus ki nan vil Philippe yo, menm avèk dirijan legliz ak dyak yo tou:


pou kè pa yo kapab ankouraje, akoz ke yo vin trese ansanm nan lanmou an. Se konsa yo atenn tout richès ki sòti nan asirans konplè a bon konprann nan, ki pwodwi kòm rezilta, vrè konesans mistè Bondye a, ki se Kris la, Li menm.


ki dezire pou tout moun vin sove e vini a konesans a verite a.


San gen diskisyon, gran se mistè lavi sentete a: Sila ki Te revele nan lachè a, Te jistifye nan Lespri a Te wè pa zanj yo, Te pwoklame pami nasyon yo, Te resevwa kwayans mond lan, Te leve wo nan laglwa a.


Si yon moun ap enstwi yon lòt doktrin, e pa dakò avèk bon pawòl sen, sila ki soti nan Senyè nou an, Jésus Kri, e avèk doktrin ki konfòm ak sentete a,


Pou rezon sa a, mwen andire tout bagay, pou koz a sila ki te chwazi yo, pou yo kapab osi vin jwenn sali ki nan Kris Jésus a e avèk li, laglwa etènèl.


Men refize diskisyon ki sòt e san bon rezon yo, paske ou konnen ke y ap prodwi konfli.


avèk dousè, korije sila ki nan opozisyon yo, pou si petèt Bondye kapab bay yo repantans k ap mennen yo a konesans verite a,


Jacques, yon sèvitè-atache nèt a Bondye, ak Senyè a, Jésus Kris, a douz tribi ki gaye a letranje yo, salitasyon.


akoz nou wè ke pwisans diven Li an bannou tout bagay ki apatyen a lavi ak sentete, atravè vrè konesans a Li, ki te rele nou pa pwòp glwa ak ekselans Li.


Akoz ke tout bagay sa yo dwe detwi nan jan sa a, ki kalite moun nou ta dwe ye selon kondwit ki sen e fidèl?


Sila ki demanti Fis la pa gen Papa a. Sila ki konfese Fis la, anplis, gen Papa a.


Revelasyon a Jésus Kri, ke Bondye te bay Li pou montre a sèvitè Li yo; bagay ki t ap oblije rive avan lontan yo, ke Li te voye kominike pa zanj Li, a sèvitè Li, Jean,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite