Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Mak 11:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Konsa, Pierre te sonje, e te di Li: “Rabbi, gade pye fig frans ke Ou te modi a gen tan vin sèch”.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21 Pyè vin chonje sa k te pase. Li di Jezi konsa: — Mèt, gade pye fig frans ou te madichonnen an. Li cheche wi.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

21 Pyè vin sonje sa k te pase a, li di Jezi: “Mèt gade pye fig ou te modi a sèk.”

Gade chapit la Kopi




Mak 11:21
8 Referans Kwoze  

Si yon moun pa renmen Senyè a, li dwe modi. Maranata (Jésus ap vini). Vin non, Senyè nou an!


“Apre Li va di a sila ki agoch Li yo: ‘Sòti sou Mwen, nou menm ki modi, pou ale nan dife etènèl ki te prepare pou Satan avèk zanj li yo a.


ak salitasyon ki plen respè nan mache yo, e pou tout moun rele yo ‘Rabbi’ (Mèt).


Malediksyon SENYÈ a sou kay mechan yo, men Li beni abitasyon a moun dwat yo.


Li te wè yon sèl pye fig frans akote wout la. Men lè L vin kote l, Li pa twouve anyen sof ke fèy yo. Konsa Li pale li: “Ou p ap janm gen fwi ki sòti sou ou ankò!” Epi lapoula, pye fig frans lan te vin fennen nèt.


“Men pa kite yo rele nou ‘Rabbi’, paske se yon sèl ki Mèt nou, e nou tout se frè nou ye.


Antre tan, disip yo t ap di L: “Rabbi, manje.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite