Youn ki rayi epidivòse”, pale SENYÈ a, Bondye Israël la, “kouvri vètman li ak vyolans lan,” pale SENYÈ a. “Pou sa, veye lespri nou byen, ke nou pa enfidèl.
Mak 10:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Kèk Farizyen te vin kote L pou sonde L, e te kesyone L pou si li te pèmi pou yon mesye divòse ak madanm li. 1998 Haïtienne Kèk farizyen pwoche bò kote l pou yo wè si yo te kapab pran l nan pèlen. Yo mande li: — Eske lalwa nou pèmèt yon nonm kite ak madanm li? Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil Kèk Farizyen te vini tou, epi yo mande l: “Èske Lalwa pèmèt yon mari divòse ak madanm li?” Yo te mande l sa paske yo te vle pase Jezi yon tès. |
Youn ki rayi epidivòse”, pale SENYÈ a, Bondye Israël la, “kouvri vètman li ak vyolans lan,” pale SENYÈ a. “Pou sa, veye lespri nou byen, ke nou pa enfidèl.
Alò, disip Li yo te vin kote L. Yo te di L: “Èske Ou konnen ke Farizyen yo te blese lè yo te tande pawòl sa a?”
Farizyen ak Sadiseyen yo te vin kote Jésus pou sonde L. Yo te mande Li pou bay yo yon sign ki sòti nan syèl la.
Kèk Farizyen te vin kote Li pou fè pase L eprèv. Yo mande L: “Èske li pèmèt pou yon nonm divòse ak madanm li pou okenn rezon?”
“Men malè a nou menm Skrib yo avèk Farizyen yo! Ipokrit nou ye! Paske nou devore kay vèv yo menm lè nou pretann n ap fè lapriyè long; pou sa, nou ap resevwa yon pi gwo kondanasyon.
Lè l leve, Li te kite la pou landwa Juda a, ak lòtbò Jourdain an. Foul yo te antoure Li ankò, e selon koutim Li, Li te kòmanse enstwi yo ankò.
Farizyen yo te parèt e yo te kòmanse diskite avè L. Yo te mande L yon sign ki sòti nan syèl la pou teste li.
Li te avèti yo pou di: “Veye byen! Fè atansyon kont ledven Farizyen yo, ak ledven Hérode la!”
Men Senyè a te di: “Nou menm Farizyen yo netwaye tas la pa deyò, ansanm ak plato a. Men anndan nou ranpli avèk vòl ak mechanste.
Alò, Farizyen yo ki te renmen lajan anpil t ap koute tout bagay sa yo, e yo t ap moke L.
Farizyen yo avèk Skrib yo te kòmanse plenyen bay disip Li yo. Yo t ap di: “Poukisa nou manje e bwè avèk kolektè kontribisyon ak pechè yo?”
Konsa, skrib yo avèk Farizyen yo t ap veye L byen pre, pou wè si Li ta geri nan Saba a, pou yo ta kapab twouve yon rezon pou akize L.
Men Farizyen yo avèk avoka yo te rejte volonte a Bondye pou yo menm, akoz ke yo pa t batize avèk batèm a Jean an.
Konsa, chèf prèt yo avèk Farizyen yo te konvoke yon gran konsèy. Yo t ap di: “Kisa n ap fè, pwiske nonm sila a ap fè anpil sign.”
Alò, chèf prèt yo ak Farizyen yo te bay lòd pou si nenpòt moun te konnen kote Li te ye, yo dwe bay rapò pou yo ta kab sezi L.
Farizyen yo te tande foul la ki t ap repete bagay sa yo konsènan Li. Epi chèf prèt yo avèk Farizyen yo te voye ofisye yo pou sezi Li.
Yo t ap di sa pou yo ta kapab sonde l pou yo ta twouve mwayen pou akize Li. Men Jésus te bese, e te ekri atè a avèk dwat Li.