Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jan 8:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Yo t ap di sa pou yo ta kapab sonde l pou yo ta twouve mwayen pou akize Li. Men Jésus te bese, e te ekri atè a avèk dwat Li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Yo t'ap di sa, paske yo te vle pran l nan pèlen pou yo te ka akize li. Men, Jezi bese atè. Epi, avèk dwèt li, li konmanse ekri atè a.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Yo te pale kon sa pou yo te kapab pran Jezi nan pyèj. Yo t ap chache yon okazyon pou akize li. Men Jezi bese epi li t ap trase atè a ak dwèt li.

Gade chapit la Kopi




Jan 8:6
27 Referans Kwoze  

O SENYÈ, espwa Israël la, tout moun ki abandone Ou yo, va vin wont. Sila yo ki kite Mwen sou latè yo, sou latè non yo va vin enskri, akoz yo te abandone SENYÈ a, sous dlo vivan an.


Epi vwala, yon sèten avoka te kanpe pou pase l nan leprèv. Li te di L: “Mèt, kisa pou m ta fè pou eritye lavi etènèl?”


Kèk Farizyen te vin kote Li pou fè pase L eprèv. Yo mande L: “Èske li pèmèt pou yon nonm divòse ak madanm li pou okenn rezon?”


Yo rayi sila k ap reprimande nan pòtay la ni yo pa vle wè sila ki pale ak entegrite a.


Yon tan pou chire e yon tan pou koude; yon tan pou rete an silans e yon tan pou pale.


Ni nou pa pou tante Senyè a, jankèk nan yo te fè a, e yo te detwi pa sèpan yo.


Kèk Farizyen te vin kote L pou sonde L, e te kesyone L pou si li te pèmi pou yon mesye divòse ak madanm li.


Farizyen yo te parèt e yo te kòmanse diskite avè L. Yo te mande L yon sign ki sòti nan syèl la pou teste li.


Men Jésus te rete an silans. Epi wo prèt la te di L: “Mwen egzije Ou pa Bondye vivan an, pou di nou, si Ou menm se Kris La, Fis Bondye a.”


Youn nan yo, yon avoka, te kesyone L pou pase l a leprèv.


Men Jésus te konprann mechanste yo. Li te reponn: “Poukisa nou ap tante M konsa? Ipokrit nou ye!


Farizyen ak Sadiseyen yo te vin kote Jésus pou sonde L. Yo te mande Li pou bay yo yon sign ki sòti nan syèl la.


Men Li pa t reponn li yon mo. Disip Li yo te vin kote L. Yo te di L: “Fè l ale; l ap rele dèyè nou tout kote nou ale”.


Veye byen, Mwen voye nou tankou mouton nan mitan lou. Konsa, se pou nou saj kon sèpan, men inosan kon toutrèl.


Alò nan yon tan konsa, sila ki saj la oblije rete an silans, paske tan an vin plen ak mechanste.


Sibitman, men a yon moun te vin parèt. Li te kòmanse ekri anfas chandelye sou randisaj miray palè a Wa a, e wa a te wè pati nan men ki t ap ekri a.


Tankou yon moun ki pran yon chen pa zòrèy, se konsa sila k ap pase pa aza a, pou l gaye nan goumen ki pa apatyen a li menm nan.


Vrèman, tout mesye ki te wè glwa Mwen ak sign Mwen te fè an Égypte ak nan dezè a, malgre sa, yo vin pase Mwen a leprèv pandan menm dis fwa sa yo, e yo pa t koute vwa M.


Juda se jèn pòtre a yon lyon; depi nan manje ou, fis mwen, ou gen tan monte. Li bese kò l, li kouche tankou yon lyon, e tankou yon lyon, se kilès ki gen kouraj pou fè l leve?


Gran maten a Li te vini ankò nan tanp lan, e tout pèp la t ap vin kote Li. E Li te chita, pou kòmanse enstwi yo.


Gen Lòt yo, pou teste L, t ap mande L yon sign ki sòti nan syèl la.


“Èske n ap peye, oubyen èske nou p ap peye?” Men Li menm ki te konnen se ipokrit yo t ap fè, Li te di yo: “Poukisa nou ap tante Mwen? Pote ban m yon denye (kòb jounalye peyi a) pou M gade l.”


Mwen te di, mwen va veye chemen mwen, pou m pa fè peche ak lang mwen. Mwen va veye bouch mwen, konsi li gen yon brid ladann toutotan mechan yo rete nan prezans mwen.


Yo t ap veye L pou wè si Li t ap geri li nan Saba a pou yo ta kapab akize Li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite