Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 7:32 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

32 Farizyen yo te tande foul la ki t ap repete bagay sa yo konsènan Li. Epi chèf prèt yo avèk Farizyen yo te voye ofisye yo pou sezi Li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

32 Farizyen yo vin konnen sa yo t'ap di nan zòrèy sou Jezi nan pèp la. Chèf prèt yo ansanm ak farizyen yo voye kèk gad pou arete Jezi.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

32 Farizyen yo te tande sa moun yo t ap di sou Jezi. Alò, chèf prèt yo mete ak Farizyen yo, yo voye kèk nan moun ki t ap fè polis nan tanp lan pou arete li.

Gade chapit la Kopi




Jan 7:32
13 Referans Kwoze  

Men Farizyen yo te soti deyò, pou fè konplo ansanm kont Li, sou kijan yo ta kapab detwi L.


“Men malè a nou menm Skrib yo avèk Farizyen yo! Ipokrit nou ye! Paske nou devore kay vèv yo menm lè nou pretann n ap fè lapriyè long; pou sa, nou ap resevwa yon pi gwo kondanasyon.


Men Pierre te swiv Li a yon distans jouk yo rive nan lakou wo prèt la. Li te antre avèk yo e chita avèk gad yo pou wè jan li ta fini.


Men kèk nan yo te ale nan Farizyen yo e te di yo sa ke Jésus te fè a.


Akoz sa a, Farizyen yo te di youn ak lòt: “Nou wè ke nou p ap fè anyen ki bon. Gade, lemonn ap kouri dèyè Li.”


Konsa, Judas, ki te deja resevwa kòwòt sòlda Women an avèk ofisye chèf prèt yo ak Farizyen yo, te vini la avèk lantèn, flanbo, ak zam.


E yo t ap chache pou sezi Li, men pèsòn pa t mete men sou Li, paske lè Li poko te rive.


Alò, yo te ale avèk kaptenn lan ak jandam yo, e te mennen yo vini san vyolans; paske yo te krent pèp la, pou yo pa ta lapide yo avèk wòch.


Epi Saül te voye mesaje yo pran David. Men lè yo te wè konpayi pwofèt yo ki t ap pwofetize ansanm avèk Samuel, ki te kanpe kòm dirijans sou yo, Lespri Bondye te vini sou mesaje Saül la, epi yo tou te pwofetize.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite