Lamantasyon 5:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Se esklav yo k ap domine sou nou; nanpwen moun ki pou delivre nou nan men yo. 1998 Haïtienne Moun k'ap gouvènen nou yo se esklav yo ye. Pèsonn pa ka delivre nou anba men yo. |
Men lè Sanballat, Owonit lan avèk Tobija, chèf Amonit lan, avèk Guéschem, Arab la, te tande koze sa a, yo te moke nou, te meprize nou, epi te di: “Ki bagay sa n ap fè la a? Èske nou ap fè rebèl kont wa a?”
Men gouvènè ki te avan mwen yo te konn mete chaj sou pèp la e te pran soti nan men yo pen avèk diven plis karant sik ajan; menm sèvitè pa yo te konn vin kon chèf sou moun. Men mwen pa t fè sa akoz lakrent Bondye.
Fis li yo pa jwenn sekirite ditou; menm nan pòtay la, yo oprime, ni pa gen moun pou delivre yo.
Alò, konsidere sa, nou menm ki bliye Bondye, oswa, Mwen va chire nou an mòso, e p ap gen pèsòn ki pou sove nou.
sof ke li ta chire nanm mwen tankou yon lyon, epi rale m akote pandan pa gen moun pou delivre m.
Menm depi nan letènite, Mwen se Li menm e pa genyen moun ki ka delivre fè sòti nan men M; Mwen aji e se kilès ki ka ranvèse l?”
Konsa, Mwen va dekouvri wont li devan zye a tout moun ki renmen li yo, e pèsòn p ap mande fè l soti nan men Mwen.
Paske Mwen p ap fè pitye ankò pou pèp peyi a,” deklare SENYÈ a; “men gade byen, Mwen va delivre tout mesye yo, yo tout anba men pwochen yo, e anba pouvwa a wa li a. Y ap frape peyi a, e Mwen p ap delivre yo anba pouvwa yo.”
“Etranje ki pami nou an, va leve pi wo e pi wo ke nou, men nou va desann piba, e piba.