Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Neyemi 2:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Men lè Sanballat, Owonit lan avèk Tobija, chèf Amonit lan, avèk Guéschem, Arab la, te tande koze sa a, yo te moke nou, te meprize nou, epi te di: “Ki bagay sa n ap fè la a? Èske nou ap fè rebèl kont wa a?”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

19 Men, lè Sanbala, moun lavil Bèt-Owon an, Tobija, moun Amon ki t'ap travay nan gouvènman an, ak Gechèm, arab la, vin pran nouvèl la, yo ri nou kont kò yo, epi yo pase nou nan kont betiz yo. Yo di nou: — Sa n'ap fè la a, mesye? Apa n'ap dezobeyi lòd wa a!

Gade chapit la Kopi




Neyemi 2:19
22 Referans Kwoze  

Menm youn nan fis a Jojada yo, fis a Éliaschib la, wo prèt la, te bofis a Sanballat, Owonit lan, e pou sa, mwen te chase li lwen mwen.


Lè Sanballat, Owonit lan avèk Tobija, chèf Amonit lan te tande koze sila a, sa te fè yo pa kontan anpil, pou yon moun ta vin chache fè byen pou fis a Israël yo.


Alò, li te vin rive ke lè Sanballat te tande ke nou t ap rebati miray la, li te vin anraje nèt, byen fache e te moke Jwif yo.


Ladann, li te ekri: “Gen yon rapò k ap fèt pami nasyon yo, e Gaschmu ap di ke ou menm avèk Jwif yo gen plan pou fè rebelyon. Ke se pou sa ke w ap rebati miray la. Epi se ou menm ki va wa yo, selon rapò yo.


Paske, yo tout t ap eseye fè nou pè e t ap reflechi: “Yo va vin dekouraje avèk travay la, e li p ap fèt.” Men koulye a, O Bondye ranfòse men m.


Men koulye a, sila ki pi jenn pase m ap giyonnen m. Papa a sila mwen pat ta dakò pou mete ansanm ak chen bann mouton yo.


Nanm nou ranpli ak ensilt a sila ki alèz yo, avèk mepriz a sila ki plen ògèy yo.


Nou gen tan vin yon repwòch pou vwazen nou yo, Yon rizib ak yon betiz pou sila ki antoure nou yo.


Ou fè nou vin yon objè konfli devan vwazen nou yo. Lènmi nou yo ri pami yo menm.


O Bondye dèzame yo, restore nou! Fè vizaj Ou klere sou nou e nou va sove.


Mwen di ou ke Konsèy nou ak fòs pou fè lagè nou pa plis pase pawòl vid. Alò, de kilès nou va depann lè nou fè rebelyon kont mwen an?


Paske chak fwa ke m pale, mwen kriye fò; mwen pwoklame vyolans ak destriksyon! Konsa, pawòl SENYÈ a te fè m resevwa repwòch. Mwen pase nan rizib tout lajounen.


Epi Ismaël te pran an kaptif tout retay ki te Mitspa yo, fi a wa yo ak tout moun ki te rete Mitspa yo, ke Nebuzaradan, chèf gad la, te mete sou chaj Guedalia, fis a Achikam nan. Konsa Ismaël, fis a Nethania a, te pran yo an kaptif e te pati pou janbe kote fis a Ammon yo.


Li te di: “Fè yon ti deplase; fi a pa mouri, men se dòmi, l ap dòmi.” Epi yo te kòmanse ri sou Li.


Konsa yo te kòmanse ri sou Li. Men lè Li te fin mete yo tout deyò, Li te pran manman ak papa a pitit la avèk moun pa L yo, e te antre kote pitit la te ye a.


Yo te kòmanse akize L, e te di: “Nou te twouve mesye sa t ap egare nasyon nou an, e t ap anpeche yo peye kontribisyon yo bay César, e te di ke Li menm, Li se Kris la, yon Wa.”


Akoz sa a, Pilate te fè yon efò pou lage Li, men Jwif yo te kriye fò epi te di: “Si ou lage nonm sila a, ou pa zanmi a César. Nenpòt moun ki fè kòmsi se yon wa li ye, se lènmi a César.”


“Paske nou twouve nonm sila a yon vrè pès, e yon mesye ki soulve konfli pami tout Jwif yo nan tout mond lan, yon chèf de fil sèkt a Nazareyen yo.


Epi lòt nan yo te pase pay nan moke ak resevwa kout fwèt; wi, menm chenn ak prizon tou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite