Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Lamantasyon 5:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Papa zansèt nou yo te peche, men yo pa la ankò; se nou menm ki te pote inikite pa yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Zansèt nou yo fè peche. Yo pa la ankò! Se nou menm k'ap peye pou sa yo te fè.

Gade chapit la Kopi




Lamantasyon 5:7
15 Referans Kwoze  

Men yo te reponn li: “Sèvitè ou yo se douz frè antou, fis a yon sèl mesye nan peyi Canaan; e gade byen, pi jenn nan avèk papa nou jodi a, e youn pa la ankò.”


Papa yo, Jacob te di yo: “Nou fin fè m pèdi pitit mwen yo! Joseph pa la ankò, Siméon pa la ankò, e nou ta vle pran Benjamin. Tout bagay sa yo kont mwen.”


Poukisa konsa Ou pa padone transgresyon mwen yo, e retire inikite mwen yo? Paske koulye a, mwen va kouche nan pousyè a; Ou va chache pou mwen, men m p ap la ankò.”


Zye a sila ki wè m yo, p ap wè m ankò. Zye Ou va sou mwen, men mwen p ap la ankò.


“Ou pa pou adore yo ni sèvi yo. Paske Mwen, SENYÈ a, Bondye pa w la. Mwen se yon Bondye jalou, k ap vizite inikite a papa yo sou pitit yo, jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon a sila ki rayi Mwen yo,


Nou konnen mechanste nou yo, O SENYÈ, inikite a papa zansèt nou yo, paske nou te peche kont Ou.


Nan lè sa a, ou gen pou di yo: ‘Akoz papa zansèt nou yo te abandone Mwen,’ deklare SENYÈ a: ‘pou te swiv lòt dye yo, pou te sèvi yo e te pwostène devan yo. Konsa yo te abandone Mwen e yo pa t kenbe lalwa Mwen an.


Nou tou, te fè mal plis menm ke papa zansèt nou yo. Paske gade byen, nou chak ap mache selon tèt di a pwòp kè mechan pa nou, san koute Mwen.


Konsa pale SENYÈ a, “Yon vwa vin tande nan Rama, lamantasyon yo ak gwo kriye dlo k ap sòti nan zye yo. Rachel ap kriye pou pitit li yo. Li refize rekonfòte pou pitit li yo, akoz yo pa la ankò.”


“Nan jou sa yo, yo p ap di ankò: ‘Papa yo te manje rezen si, e dan timoun yo vin kanpe apik.’


Ou te pote pinisyon zak lèd ou te fè, ak tout abominasyon yo,” deklare SENYÈ a.


“Kisa sa vle di lè ou sèvi pwovèb sa a konsènan peyi Israël e di: ‘Papa yo manje rezen si yo, epi dan timoun yo va kanpe apik’?


Papa zansèt nou yo, ki kote yo ye? Epi pwofèt yo, èske yo viv pou tout tan?


‘SENYÈ a lan nan fè kòlè; Li ranpli avèk lanmou dous, ki padone inikite avèk transgresyon yo. Li p ap janm bliye tò a koupab yo, men Li va vizite inikite a papa yo sou pitit yo jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon.’


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite