Malgre, Ou te kraze nou nan landwa chen mawon yo, e te kouvri nou avèk lonbraj lanmò a.
Lamantasyon 3:43 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Ou te kouvri nou ak kòlè e te kouri dèyè nou. Ou te touye. Ou pa t gen pitye menm. 1998 Haïtienne Ou move pi rèd, ou fann nan kò nou! Ou te san pitye. Ou touye nou. |
Malgre, Ou te kraze nou nan landwa chen mawon yo, e te kouvri nou avèk lonbraj lanmò a.
Ou te bay yo pen fèt ak dlo ki t ap sòti nan zye yo. Ou te fè yo bwè dlo a zye yo an gran kantite.
SENYÈ a te acheve objektif Li; Li te akonpli pawòl Li, pawòl ke Li te kòmande soti nan jou ansyen yo. Li te jete ba, Li pat fè pitye. Li te fè lènmi an rejwi sou ou. Li te egzalte pwisans a advèsè ou yo.
Sou tè nan lari yo, kouche jenn yo ak granmoun yo. Vyèj mwen yo ak jennonm mwen yo te tonbe sou nepe. Ou te touye yo nan jou gwo kòlè Ou a; Ou te fè masak, san pitye.
Zye m p ap montre okenn pitye, ni Mwen p ap ralanti. Mwen va rekonpanse ou selon chemen ou yo pandan abominasyon ou yo pami nou. Konsa, ou va konnen ke se Mwen, SENYÈ a, ki fè frap la.
Akoz sa, anverite, Mwen va aji ak gwo kòlè. Zye m p ap gen pitye, ni Mwen p ap epanye pèsòn. Malgre yo kriye nan zòrèy Mwen ak gwo vwa, malgre sa, Mwen p ap koute yo.”
Men pou Mwen, zye M p ap gen pitye ni Mwen p ap ralanti, men Mwen va fè kondwit yo vin rive sou pwòp tèt yo.”