Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Lamantasyon 3:42 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

42 Nou te peche e nou te fè rebèl; Ou pa t padone.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

42 Nou peche, nou kenbe tèt avè ou! Men, ou menm ou pa padonnen nou.

Gade chapit la Kopi




Lamantasyon 3:42
16 Referans Kwoze  

anplis, ak san inosan li te vèse yo. Paske li te ranpli Jérusalem avèk san inosan e SENYÈ a pa t padone sa.


Mwen te di: “O Bondye mwen, mwen twouble, e mwen wont leve figi mwen vè Ou menm, Bondye mwen. Paske inikite nou yo vin leve pi wo tèt nou, e koupabilite nou vin grandi menm jis rive nan syèl yo.


Men yo te tanmen dezobeyi, epi te fè rebèl kont Ou. Yo te jete lalwa pa Ou dèyè do yo, e te touye pwofèt Ou yo ki te bay yo avètisman pou yo ta retounen kote Ou, epi yo te komèt gwo blasfèm.


akoz yo te fè rebèl kont pawòl Bondye a, e te meprize konsèy a Pi Wo a.


Nou konnen mechanste nou yo, O SENYÈ, inikite a papa zansèt nou yo, paske nou te peche kont Ou.


Sèlman rekonèt inikite ou, ke ou te transgrese kont SENYÈ a, Bondye ou a. Ou te gaye favè ou bay etranje yo anba tout bwa vèt e ou pa t obeyi vwa M,’” deklare SENYÈ a.


SENYÈ a jis; paske mwen te fè rebèl kont lòd Li. Tande koulye a, tout pèp yo e gade byen doulè m nan. Vyèj mwen yo ak jennonm mwen yo te antre an kaptivite.


Kouwòn nan soti sou tèt nou; malè a nou menm, paske nou te peche!


“‘“Nan salte ou a se tout zak ki lèd yo. Akoz mwen ta netwaye ou, malgre sa, ou pa pwòp; ou p ap vin pwòp de salte ou yo jiskaske Mwen fè chalè kòlè Mwen an sou ou poze.


Konsa, Senyè, Bondye nou an, ki te mennen pèp Ou a sòti nan peyi Egypte la ak yon men pwisan, e te fè yon non pou Ou menm, jan sa ye nan jou sa a, nou te peche. Nou te fè mechanste.


Papa zansèt nou yo, ki kote yo ye? Epi pwofèt yo, èske yo viv pou tout tan?


Men èske pawòl Mwen yo, ak règleman Mwen yo, lòd ke M te bay a sèvitè Mwen yo, pwofèt yo, èske yo pa t depase zansèt nou yo? “Konsa yo te repanti, e te di: ‘Jan SENYÈ dèzame yo te gen entansyon fè ak nou selon chemen ak zak nou yo, se konsa Li fin aji avèk nou.’”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite