Jeremi 51:42 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Lanmè fin monte sou Babylone; li te anvayi pa move vag li yo. 1998 Haïtienne Lanmè moute anvayi lavil Babilòn. Lanm lanmè yo move, yo kouvri lavil la. |
Pwofondè a rele pwofondè a nan son kaskad dlo Ou yo. Tout gwo dlo ak move lanmè Ou yo fin koule sou mwen.
Pwofesi konsènan dezè lanmè a. Kon tanpèt van nan dezè a kontinye ravaje, sa sòti nan dezè a, de yon peyi etonnan.
Paske SENYÈ a va detwi Babylone. Li va fè gran vwa a li te konn fè a sispann; vag lanmè yo ki tap gwonde kon anpil dlo, ak gwo son a vwa yo ki tap retanti toupatou.
akoz sa, pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen vin kont ou, O Tyr, e Mwen va mennen fè monte anpil nasyon kont ou, tankou lanmè mennen lanm li.
Fis li yo va rasanble yon gwo lame ki va vin debòde e travèse. Konsa, yo va retounen fè lagè rive jis nan pwòp sitadèl li a.
Daniel te di: “Mwen t ap gade nan vizyon mwen pandan nwit lan; epi vwala kat van syèl yo t ap boulvèse gwo lanmè a.
Epi apre swasann-de semèn yo, Onksyone a va koupe retite nèt, e Li p ap gen anyen. E pèp a prens la ki vini an, va detwi vil ak sanktyè a. Epi lafen li an va vini ak yon inondasyon ak lagè jis rive nan lafèn. Konsa, dezolasyon yo deja detèmine.
Konsa, va gen sign nan solèy la, lalin ak zetwal yo, e sou latè, sezisman pami nasyon yo, ak gwo malantandi akoz laraj lanmè a ak lanm lanmè yo.