Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 51:43 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

43 Vil li yo te devni yon objè degoutan e lèd, yon peyi sèk, yon dezè, yon peyi kote moun pa viv e pami sila, yon fis a lòm pa menm pase.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

43 Tout ti bouk li yo tounen dezè tou, pa gen yon tak dlo ladan yo. Se raje toupatou. Pa gen pesonn la ankò. Pesonn pa pase nonplis la ankò.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 51:43
12 Referans Kwoze  

Vini, gade byen zèv a SENYÈ yo ki gwo dega Li fè nan tout latè.


Li p ap janm abite ankò, ni pèsòn p ap viv ladann soti nan yon jenerasyon a yon lòt. Arab la p ap monte tant li la, ni bèje yo p ap fè twoupo yo kouche la.


Pikan yo va pouse nan gwo fò li yo, chadwon ak gwo raje nan gwo vil ranfòse yo. L ap devni yon kote frekante pa chen mawon. Li va fè kay tribinal pou otrich la.


Men malè va vini sou ou ke ou p ap gen maji pou detounen. Gwo dega ke ou p ap ka menm konprann va vini sou ou. Destriksyon ke ou pa t janmn sispèk va rive sou ou sibitman.


Y ap fè peyi nou vin yon dega, yon objè moun ap sifle. Tout sila ki pase ladann va etone pou sa e va souke tèt yo.


Yo pa t mande: ‘Kote SENYÈ a ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, ki te mennen nou nan dezè a, pou travèse yon peyi dezè ak fòs yo, nan yon peyi ak sechrès e ak fon tenèb, yon peyi ke pèsòn pa t konn travèse e kote okenn moun pa t rete?’


manman nou va tèlman wont, sila ki te bay nou nesans lan va imilye. Gade byen, li va pi piti pami nasyon yo, yon savann, yon peyi sèch, yon dezè.


Peyi a ta tranble e tòde; paske volonte a SENYÈ a kont Babylone kanpe, pou fè peyi Babylone vin yon dezolasyon san moun.


Babylone va devni yon gwo pil ranblè, yon kay pou chen mawon, yon objè degoutan, ak sifle kon koulèv, san gen moun ki rete ladann.


Epi di: ‘Ou menm, O SENYÈ! Ou te pwomèt, konsènan plas sa a pou koupe retire l nèt, pou pa menm gen anyen ki rete ladann, ni lòm, ni bèt, men li va yon kote dezole jis pou tout tan’.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite