Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Danyèl 11:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Fis li yo va rasanble yon gwo lame ki va vin debòde e travèse. Konsa, yo va retounen fè lagè rive jis nan pwòp sitadèl li a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Pitit gason wa peyi Siri a pral pare pou y'al goumen. Y'ap sanble yon gwo lame ak anpil sòlda. Yonn ladan yo pral parèt tankou yon gwo larivyè k'ap desann. L'ap travèse fontyè a, l'ap atake yon fò lènmi epi l'ap kouri tounen lakay yo.

Gade chapit la Kopi




Danyèl 11:10
10 Referans Kwoze  

“Men youn nan desandan fanmi fi yo va leve nan plas li. Li va vin kont lame pa yo, pou l antre nan sitadèl wa Nò a. Li va aji kont yo, e li va vankre yo.


Epi apre swasann-de semèn yo, Onksyone a va koupe retite nèt, e Li p ap gen anyen. E pèp a prens la ki vini an, va detwi vil ak sanktyè a. Epi lafen li an va vini ak yon inondasyon ak lagè jis rive nan lafèn. Konsa, dezolasyon yo deja detèmine.


Lanmè fin monte sou Babylone; li te anvayi pa move vag li yo.


Sila ki te kon manje pi bon manje nan men l, va detwi li, epi lame li a va bale nèt. Konsa, anpil moun va tonbe mouri.


Lame debòde peyi a va soti devan l, e vin kraze nèt, ansanm ak prens akò a.


L ap desann ranfòsman fò ki pa t ka menm pwoche la, li va anile yo, bese yo e jete yo atè, jis rive nan pousyè.


Li va antre nan wayòm a wa Sid la, men li va retounen nan pwòp peyi li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite