Mesaje yo te ale patou nan tout Israël avèk Juda avèk lèt soti nan men a wa a avèk chèf li yo menm, selon lòd a wa a. Yo te di: “O fis Israël yo, retounen kote SENYÈ a, Bondye Abraham nan, Isaac, avèk Israël la, pou Li kapab retounen kote sila nan nou ki fin chape e retire soti nan men a wa Asiryen yo.
“Deklare e pwoklame pami nasyon yo. Pwoklame sa e leve yon drapo. Pa kache sa, men di: ‘Babylone te kaptire Bel gen tan plen regre, Merodac fin nan gwo twoub! Imaj li yo fè wont, e zidòl li yo fin sans espwa.’
Mwen te poze yon pèlen pou ou e ou menm te kenbe tou, o Babylone. Pandan ou pa t menm konnen, ou tou te dekouvri, ou e te pran, akoz ou te goumen kont SENYÈ a.”