Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Estè 8:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Li te ekri nan non a Wa Assuérus, te sele li avèk bag so a wa a e te voye lèt yo pa mesaje yo monte sou cheval ki te nan ras cheval wayal yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

10 Madoche fè ekri lèt yo nan non wa a, epi li mete sò wa a sou yo. Yo renmèt lèt yo bay mesaje pote ale. Mesaje yo te moute sou chwal yo te pran nan ekiri wa a.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 Madoche ekri lèt yo nan non wa Asyeris, epi li sele yo ak bag wa a tou. Yo bay mesaje yo pote lèt yo ale. Yo te monte chwal ki konn kouri byen vit yo, ki drese espesyalman pou wa a.

Gade chapit la Kopi




Estè 8:10
13 Referans Kwoze  

Konsa, li te ekri lèt nan non Achab e te sele yo avèk so pa li pou te voye yo bay ansyen yo avèk prens ki te rete avèk Naboth nan vil pa li a.


Yo te osi pote lòj avèk pay pou cheval avèk pi bèl sèl cheval byen vit pou mete kote li ta dwe ye a, yo chak selon chaj yo.


Mesaje yo te ale patou nan tout Israël avèk Juda avèk lèt soti nan men a wa a avèk chèf li yo menm, selon lòd a wa a. Yo te di: “O fis Israël yo, retounen kote SENYÈ a, Bondye Abraham nan, Isaac, avèk Israël la, pou Li kapab retounen kote sila nan nou ki fin chape e retire soti nan men a wa Asiryen yo.


Alò, ou menm ekri a Jwif yo jan ou twouve li bon nan non a wa a, e sele lèt la avèk bag so a wa a; paske, yon dekrè ki ekri nan non a wa a e sele avèk bag so a wa a p ap kapab anile.”


“Alò, jou m yo vin pi rapid pase yon nonm k ap fè kous; Yo kouri ale. Yo pa wè anyen ki bon.


Akoz pawòl a wa a pote otorite, se kilès ki va di l: “Kisa w ap fè la a?”


Anpil chamo va kouvri ou, jenn chamo a Madian ak Épha yo. Tout sila soti Séba yo va vini. Yo va pote lò ak lansan, e yo va pote bòn nouvèl a, lwanj a SENYÈ a.


Yo va mennen tout frè nou yo soti nan tout nasyon yo kon yon ofrann sereyal a SENYÈ a. Yo va vini sou cheval, nan cha, sou kabwèt kouvri, sou milèt ak chamo pou rive sou mòn sen Mwen an, Jérusalem”, di SENYÈ a. “Jis konsa, fis Israël yo pote ofrann sereyal nan yon veso pwòp a lakay SENYÈ a.


“Kòman ou ka di: ‘Mwen pa sal, Mwen pa t kouri dèyè Baal yo?’ Gade chemen ou nan vale a! Konnen byen sa ou te fè a! Ou se yon jenn femèl chamo byen rapid, k ap fè chemen l kote li pito.


Avèk ou, Mwen kraze cheval la ak sila ki monte sou li. Avèk ou, mwen kraze cha lagè a, ak sila ki monte ladann nan.


Nebucadnetsar, wa a a tout pèp yo, nasyon ak lang, ki rete sou tout tè a: “Ke lapè nou kapab vin anpil!


Alò, O wa, fè dekrè a e siyen dokiman pou l pa ka chanje selon lalwa Mèd ak Pès yo, ki p ap ka chanje.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite