Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 51:30 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

30 Mesye pwisan a Babylone yo te sispann goumen; yo rete nan sitadèl fòtifye yo. Fòs yo fin epwize nèt. Yo vin tankou fanm. Lakay yo pran dife. Fè fòje sou pòtay li yo fin kraze.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

30 Sòlda lavil Babilòn yo derefize goumen. Yo rete kache nan fò yo. Yo pèdi kouraj yo. Yo tankou fanm san nanm. Lènmi defonse pòtay lavil yo, yo mete dife nan kay yo.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 51:30
16 Referans Kwoze  

Paske Li te kraze pòtay an bwonz yo, e te koupe ba fè yo.


Paske Li te fòtifye ba fè nan pòtay ou yo; Li te beni fis ou yo anndan w.


Sila ak gran kouraj yo te piyaje, yo te fonse tonbe nan dòmi mò a. Okenn nan gèrye yo ka sèvi men yo.


Nan jou sa a, Ejipsyen yo va vin tankou fanm. Yo va tranble nan gwo laperèz akoz pase men ke SENYÈ a ap fè pase sou yo.


Gade byen, yo tankou pay. Dife ap brile yo. Yo p ap ka sove kò yo devan pouvwa flanm yo. P ap gen chabon ki pou chofe kò yo, ni flanm dife pou yo chita devan l!


Kerijoth te fin kaptire e sitadèl yo te vin pran. Kè a mesye pwisan Moab yo nan jou sa a, va tankou kè a yon fanm k ap pouse pitit.


Leve kriye batay la kont li tout kote! Li te tonbe. Mi defans li yo fin tonbe, miray li yo fin demoli. Paske sa se vanjans SENYÈ a. Pran vanjans sou li. Jan li te konn fè a, fè l konsa.


Kote pou yo janbe rivyè yo fin sezi tou. Yo te brile marekaj yo ak dife, e sòlda lagè yo vin sezi ak gwo laperèz.”


Mwen va fè prens li yo ak saj li yo sou; menm majistra li yo ak prefè li yo. Konsa, yo ka dòmi yon dòmi san rete pou yo pa leve menm”, deklare Wa a, ki rele SENYÈ dèzame yo.


Pòtay li yo te fonse antre nan tè, Li te detwi e kraze fè fòje a. Wa li yo ak prens li yo vin gaye pami nasyon yo; lalwa, nanpwen ankò. Anplis, pwofèt li yo pa resevwa vizyon de SENYÈ a.


Anplis, Mwen va kase baryè an fè Damas la; Mwen va koupe retire sila ki rete nan vale Bikath-Aven nan, ak sila ki kenbe baton wayal la soti Beth-Éden; epi pèp Syrie a va ale an egzil an Kir,” di SENYÈ a.


Gade byen, pèp ou a se fanm yo ye pami nou! Pòtay peyi ou yo vin ouvri byen laj bay lènmi ou yo. Dife fin devore baryè pòtay ou yo.


Y ap kanpe a yon distans akoz de pè a toumant li an, e y ap di:” ‘Malè, malè, gran vil, Babylone nan, vil ki fò a! Paske, nan yon èdtan, jijman ou gen tan rive.’


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite