Paske malgre SENYÈ a egzalte, Li toujou okipe sila ki ba yo. Men moun ki ògeye yo, Li rekonèt yo de lwen.
Jeremi 48:29 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “Nou konn tande afè ògèy Moab la. Li vrèman ògeye nan ensolans li, ògèy li, awogans kè li, ak leve pwòp tèt li byen wo. 1998 Haïtienne Moun Mowab yo se moun ki gen lògèy anpil. Nou te konnen jan moun sa yo te gen lòyèy, jan yo te awogan. Yo te kwè wa pa kouzen yo, y'ap gonfle lestonmak yo sou moun. |
Paske malgre SENYÈ a egzalte, Li toujou okipe sila ki ba yo. Men moun ki ògeye yo, Li rekonèt yo de lwen.
Konsa Mwen va pini mond lan pou mechanste li ak mechan yo pou inikite yo. Mwen va mete fen ak awogans moun ògeye e desann awogans a sila ki san pitye a.
Nou konn tande afè ògèy Moab la, yon ògèy ki depase; afè awogans li an, ògèy li a, ak gwo kòlè li a. Pawòl anfle ògèy li pa anyen.
Alò, mwen menm Nebucadnetsar, mwen fè lwanj, egzaltasyon ak lonè a Wa syèl la, paske tout zèv Li yo vrè, chemen Li yo jis e Li kapab imilye sila ki mache ak ògèy yo.
“Paske tout sila yo ki leve tèt yo va vin desann, e sila yo ki desann tèt yo, va vin leve.”
Men Li bay yon pi gwo gras. Konsa, li di: “Bondye opoze a ògeye yo, men Li fè gras a moun ki enb yo.”