Konsa, li te mennen Jokajin sòti an egzil Babylone, anplis, manman a wa a avèk madanm li yo, ofisye li yo ak tout mesye ki te chèf dirijan peyi yo. Li te mennen yo ale an egzil soti Jérusalem jis rive Babylone.
Jeremi 38:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Men Ébed Mélec, Etyopyen an, yon enik, pandan li te lakay wa a, te tande ke yo te mete Jérémie nan sitèn nan. Alò, wa a te chita nan antre Pòtay Benjamin an. 1998 Haïtienne Lè sa a, te gen yon moun peyi Letyopi ki te rele Ebèdmelèk. Se te yon nèg konfyans ki t'ap travay lakay wa a. Li vin konnen yo te mete Jeremi nan sitèn lan. Jou sa a, wa a te chita ap rann jijman bò Pòtay Benjamen an. |
Konsa, li te mennen Jokajin sòti an egzil Babylone, anplis, manman a wa a avèk madanm li yo, ofisye li yo ak tout mesye ki te chèf dirijan peyi yo. Li te mennen yo ale an egzil soti Jérusalem jis rive Babylone.
Pa kite etranje a ki te vin jwenn ak SENYÈ a di: “Anverite, SENYÈ a va fè m separe de pèp li a.” Ni pa kite enik lan di: “Gade byen, mwen se yon bwa sèch”.
Èske Etyopyen an ka chanje koulè po li, oswa leyopa a takte li yo? Sèl Konsa nou menm tou, ak abitid fè mal, ta ka chanje 1 pou vin fè byen.
Paschhur te fè yo bat Jérémie, pwofèt la. Li te mete li nan sèp yo ki te kote Pòtay Anwo Benjamin an, ki te nan lakay SENYÈ a.
Epi ofisye yo ak tout pèp la te di a prèt yo e a pwofèt yo: “Nou p ap pase lòd lanmò pou nonm sa a, paske li te pale nou nan non SENYÈ a, Bondye nou an.”
( lè Wa Jeconia ak manman rèn nan, ofisye tribinal yo, prens a Juda yo, gwo bòs atizan yo, ak sila ki travay nan metal yo te fin pati Jérusalem.)
Ofisyèl a Juda yo, ak ofisyèl a Jérusalem yo, ofisye tribinal la e prèt ak tout pèp peyi ki te pase antre de pati jenn bèf la—
Pandan li te kote Pòtay Benjamin an, yon kapitèn nan gad la ki te rele Jireija, fis a Schélémia, fis a Hanania a, te la. Li te arete Jérémie, pwofèt la e te di: “W ap vin apiye Kaldeyen yo!”
Yo rayi sila k ap reprimande nan pòtay la ni yo pa vle wè sila ki pale ak entegrite a.
Tout peyi a va devni yon savann, depi Guéba jis rive Rimmon, nan sid Jérusalem. Men Jérusalem va vin leve, e rete nan plas li soti nan Pòtay Benjamin an, jis rive nan pozisyon premye Pòtay la, pou janbe nan Pòtal Kwen an, e soti nan tou Hananéel la, jis rive nan pèz diven a wa a.
alò, papa li avèk manman li va sezi li, e mennen li deyò vè ansyen vil yo nan pòtay vil pa li a.
Li va sove ale rive nan youn nan vil sila yo. Yo va kanpe nan antre pòtay a vil sa a pou pwononse ka li a pou ansyen yo nan vil la tande. Konsa, yo va fè l antre nan vil kote yo a, yo va ba li yon kote pou li kapab rete pami yo.