Achab te di a Élie: “Èske ou vin jwenn mwen, O lènmi mwen?” Epi li te reponn: “Mwen te jwenn ou akoz ou te vann tèt ou pou fè mechanste nan zye SENYÈ a.
Wa Israël la te di a Josaphat: “Genyen toujou yon nonm pa sila nou kapab fè demann SENYÈ a, men mwen rayi li, akoz li pa pwofetize sa ki bon pou mwen, men sa ki mal. Michée, fis a Jimla a.” Men Josaphat te di: “Pa kite wa a di sa.”
Wa Israël la te di a Josaphat: “Gen youn toujou ke nou kab fè demann a SENYÈ a, men mwen rayi li, paske li pa janm pwofetize sa ki bon pou mwen, men toujou, mal. Li se Michée, fis Jimla a.” Men Josaphat te di: “Pa kite wa a pale konsa.”
Èske se ak mal ke yon moun dwe rekonpanse pou sa ki bon? Paske se yon fòs yo fin fouye pou mwen. Sonje kijan mwen te kanpe devan Ou, pou pale sa ki bon pou yo menm, pou m ta ka fè kòlè Ou vire kite yo.
Men Ébed Mélec, Etyopyen an, yon enik, pandan li te lakay wa a, te tande ke yo te mete Jérémie nan sitèn nan. Alò, wa a te chita nan antre Pòtay Benjamin an.
“Mwen regrèt ke M te fè Saül wa, paske li te vire fè bak nan swiv Mwen, e li pa t akonpli lòd Mwen yo.” Konsa, Samuel te vin twouble e li te kriye fò a SENYÈ a pandan tout nwit lan.