Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jeremi 37:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Pandan li te kote Pòtay Benjamin an, yon kapitèn nan gad la ki te rele Jireija, fis a Schélémia, fis a Hanania a, te la. Li te arete Jérémie, pwofèt la e te di: “W ap vin apiye Kaldeyen yo!”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 Lè li rive Pòtay Benjamen, li kontre ak kòmandman pòs la ki te rele Jirija. Se te pitit Chelemya, pitit pitit Ananya. Jirija rete Jeremi, li di l konsa: — Anhan! Ou pral rann tèt ou bay moun Babilòn yo!

Gade chapit la Kopi




Jeremi 37:13
20 Referans Kwoze  

Tout peyi a va devni yon savann, depi Guéba jis rive Rimmon, nan sid Jérusalem. Men Jérusalem va vin leve, e rete nan plas li soti nan Pòtay Benjamin an, jis rive nan pozisyon premye Pòtay la, pou janbe nan Pòtal Kwen an, e soti nan tou Hananéel la, jis rive nan pèz diven a wa a.


Men Ébed Mélec, Etyopyen an, yon enik, pandan li te lakay wa a, te tande ke yo te mete Jérémie nan sitèn nan. Alò, wa a te chita nan antre Pòtay Benjamin an.


Ni yo pa kapab pwouve ou de chaj sou sila yo akize mwen koulye a.


Alò, an sekrè yo te fè moun yo di: “Nou tande li pale pawòl blasfèm kont Moïse ak kont Bondye”.


Yo te kòmanse akize L, e te di: “Nou te twouve mesye sa t ap egare nasyon nou an, e t ap anpeche yo peye kontribisyon yo bay César, e te di ke Li menm, Li se Kris la, yon Wa.”


Alò, Schephathia, fis a Mattan e Guedalia, fis a Paschhur, fis a Malkija, te tande pawòl ke Jérémie t ap pale a tout pèp la e t ap di:


Sila ki rete nan vil sa a va mouri pa nepe ak gwo grangou, ak epidemi, men sila ki soti e desann kote Kaldeyen k ap fè syèj kont nou yo, va sove lavi li. Li va chape ak lavi li.


Paske mwen tande detripe nan zòrèy anpil moun: “Danje, danje toupatou! Denonse! Wi, annou denonse li!” Tout zanmi m ke m kon fè konfyans yo, k ap tann pou yo wè lè mwen tonbe, ap di: “Petèt nou ka mennen l, pou nou ka vin enpoze nou sou li e konsa, nou va pran vanjans sou li.”


Konsa yo te di: “Vini! Annou fè konplo kont Jérémie! Anverite, lalwa a p ap pral pèdi de prèt la, ni konsèy a saj yo, ni pawòl sen a pwofèt la! Vini, annou frape li ak kout lang, e pa okipe okenn nan pawòl li yo.”


pa laglwa ak wont, pa move rapò ak bon rapò, gade kòm mantè yo, malgre sa nan verite a;


Konsa, Amatsia, prèt Béthel la te voye pawòl kote Jéroboam, wa Israël la. Li te di: “Amos te fè konplo kont ou nan mitan kay Israël la. Peyi a p ap ka sipòte tout pawòl li yo.


Epi ofisye yo te di a wa a: “Koulye a, kite nonm sa a vin mete a lanmò, konsi l ap dekouraje mesye lagè ki rete nan vil sa a, ak tout pèp la lè l pale pawòl konsa avèk yo; paske nonm sa a p ap chache byen a pèp sa a, men malè yo.”


Li te desann lakay wa a, nan chanm grefye a. Epi gade byen, tout ofisye yo te chita la—-Élischama, grefye a, Delaja, fis a Schemaeja a, Elnathan, fis a Acbor a, Guemaria, fis a Schaphan an e Sédécias, fis a Hanania a, ak tout lòt chèf yo.


Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Mwen te mete yon jouk fèt an fè sou kou a tout nasyon sila yo, pou yo ka sèvi Nebucadnetsar, wa Babylone nan; epi yo va sèvi li. Anplis, Mwen te bay li bèt chan yo.”’”


Koulye a, Mwen te bay tout peyi sila yo nan men a Nebucadnetsar, wa Babylone, sèvitè Mwen an e Mwen te bay li, anplis, bèt sovaj chan yo pou sèvi li.


Paschhur te fè yo bat Jérémie, pwofèt la. Li te mete li nan sèp yo ki te kote Pòtay Anwo Benjamin an, ki te nan lakay SENYÈ a.


Konsa, yo te fè lachas dèyè nou jiskaske nou pa t ka mache nan lari nou yo. Lafen nou vin pwòch. Jou nou yo fin ranpli, paske dènye moman nou vin rive.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite