Bib sou entènèt

Piblisite


Tout bib la Ansyen Testaman Nouvo Testaman




Jeremi 17:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

Epi ou va menm pou kont ou, kite eritaj ke M te ba ou la. Konsa, Mwen va fè ou sèvi lènmi ou yo nan peyi ke ou pa konnen an; paske ou te limen nan kòlè Mwen yon dife ki va brile jis pou tout tan.

Gade chapit la

1998 Haïtienne

Se nou menm ankò ki pral bay peyi mwen te ban nou an. M'ap fè nou tounen domestik lènmi nou yo, nan yon peyi nou pat janm konnen paske nou te fè m fache. Kòlè m tankou yon dife ki p'ap janm mouri.

Gade chapit la



Jeremi 17:4
34 Referans Kwoze  

alò, Mwen va koupe, retire Israël soti nan peyi ke M te ba yo a, ak kay ke M te konsakre a non Mwen an. Mwen va retire li devan zye m. Konsa, Israël va devni yon pwovèb ak yon pawòl rizib pami tout pèp yo.


Alò, wa Babylone nan te frape yo e te mete yo a lanmò nan Ribla nan peyi Hamath. Konsa, Juda te mennen an egzil soti nan peyi li.


Men soti lè yo te fin jwenn repo a, yo te fè mal ankò devan Ou. Pou sa, Ou te abandone yo nan men a lènmi yo, jiskaske yo te renye sou yo. Lè yo te kriye ankò a Ou menm, Ou te tande Soti nan syèl la, epi anpil fwa Ou te fè yo chape akoz gran lanmou dous Ou,


Li va rive nan jou lè SENYÈ a ba ou repò sou doulè ou, twoub ou ak redi di nan sila ou te vin esklav la,


Paske plas pou brile a te prepare depi lontan. Anverite, li te prepare pou wa a. Li te fè l fon e laj, yon boukan ak anpil bwa. Se souf SENYÈ a, tankou yon tòran souf k ap limen dife sou li.


Akoz sa, kòlè SENYÈ a te brile kont pèp Li a, Li te lonje men l kont yo e te frape yo tonbe anba. Mòn yo te tranble e kadav yo te kouche tankou fatra nan mitan lari a. Menm ak tout sa a, kòlè Li a poko fin pase, men men L toujou lonje.


Gade byen, nou tout ki limen yon dife, ki antoure nou ak tòch ki limen dife yo; mache nan limyè dife nou te fè a, e pami tòch yo nou te lime a. Men sa nou va jwenn nan men Mwen an: Nou va kouche pou fè lamantasyon.


“Yo va ale gade sou kadav a moun ki te fè transgresyon kont Mwen yo. Paske vè pa yo p ap mouri e dife pa yo p ap etenn. Konsa yo va vin yon abominasyon pou tout limanite.”


“Mwen te abandone lakay Mwen an, Mwen te abandone eritaj Mwen an; Mwen fin bay fi byeneme a nanm Mwen an pou antre nan men lènmi li yo.


Mwen va fè lènmi ou yo mennen yo nan yon peyi ke ou pa konnen; paske yon dife te vin limen nan kòlè Mwen ki va brile sou ou.”


Akoz sa, Mwen va jete nou deyò peyi sa a, antre nan yon peyi ke nou pa t janm konnen, ni nou menm, ni papa zansèt nou yo. La menm, nou va sèvi lòt dye yo lajounen kon lannwit, paske Mwen p ap bannou okenn favè.’


Malgre sa, Ou menm, O SENYÈ, Ou konnen tout manèv mòtèl yo kont mwen yo. Pa padone inikite pa yo, ni efase peche yo devan zye Ou. Men kite yo boulvèse nèt jis yo jete nèt devan Ou. Aji avèk yo nan lè kòlè Ou a!


Èske Israël se yon esklav? Èske li se yon esklav ki te fèt lakay nou? Pou ki rezon li te devni yon kaptif?


O lakay David, konsa pale SENYÈ a: ‘Aji ak jistis chak maten. Delivre moun ki te vòlè devan pouvwa a sila ki te oprime l la, pou gwo kòlè Mwen pa sòti deyò kon dife e brile yon jan pou okenn pa ka etenn, akoz mechanste a zak yo.


Èske nonm sa a, Jenocia se yon po meprize, kraze nèt? Oswa èske li se yon veso lèd, san valè? Poukisa li menm ak desandan li yo te jete deyò konsa e depoze nan yon peyi ke yo pa t konnen?


Li va vin rive ke lè yo di: ‘Poukisa SENYÈ Bondye nou an te fè nou tout bagay sa yo?’ ke ou va di yo: ‘Jan nou te abandone M nan pou te sèvi dye etranje nan peyi nou; alò, se konsa nou va sèvi etranje nan yon peyi ki pa pou nou.’


“Èske Mwen p ap pini pèp sa a?” deklare SENYÈ a, “Sou yon nasyon konsa, èske Mwen p ap pran vanjans Mwen?


Pou sa, pale Senyè BONDYE a, “Kòlè Mwen ak chalè Mwen va vide sou plas sa a, ni sou lòm, ni bèt, ni bwa chan, ak sou tout fwi tè yo. Li va brile, e li p ap ka etenn.”


Èske sa pa anyen pou nou tout ki pase nan wout sa a? Gade pou wè si genyen yon doulè ki tankou doulè mwen an, doulè ki te pase vin nan men m nan, avèk sila SENYÈ a te aflije m nan jou a gran kòlè Li a.


Eritaj nou te bay kon don a etranje yo, kay nou yo a moun nou pa konnen.


Mwen va vide kòlè Mwen sou ou. Mwen va soufle sou ou ak dife kòlè Mwen e Mwen va livre ou nan men a lezòm brital yo; sila ak gran kapasite pou detwi.


Akoz sa, Mwen va mennen fè vini sila ki pi mal nan tout nasyon yo, e se yo k ap posede lakay yo. Mwen va, anplis, fè ògèy a sila ki pwisan yo sispann. Lye sen yo va vin gate nèt.


“SENYÈ a va lakoz ke nou vin bat devan lènmi nou yo. Nou va sòti yon direksyon kont yo e nou va sove ale nan sèt direksyon devan yo. Konsa, nou va jete ale retou pami tout wayòm latè yo.