Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 16:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Akoz sa, Mwen va jete nou deyò peyi sa a, antre nan yon peyi ke nou pa t janm konnen, ni nou menm, ni papa zansèt nou yo. La menm, nou va sèvi lòt dye yo lajounen kon lannwit, paske Mwen p ap bannou okenn favè.’

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 Se konsa, m'ap mete nou dèyò nan peyi sa a, m'ap voye nou nan yon peyi ni nou menm ni zansèt nou yo pat janm konnen. Se la nou pral sèvi lòt bondye lajounen kou lannwit. Mwen p'ap fè pa nou ankò.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 16:13
21 Referans Kwoze  

Alò, wa Babylone nan te frape yo e te mete yo a lanmò nan Ribla nan peyi Hamath. Konsa, Juda te mennen an egzil soti nan peyi li.


alò, Mwen va dechouke ou soti nan peyi ke M te ba ou a, ak kay sa a, ke Mwen te konsakre pou non pa Mwen an, Mwen va jete l andeyò vizaj Mwen, e Mwen va fè li yon pwovèb ak yon rizib pami tout pèp yo.


Akoz sa, Mwen te lage yo a kè di yo, pou mache nan pwòp manèv yo.


Paske konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, M ap voye pèp peye sa a deyò nan moman sa a. Mwen va fè yo pase anpil doulè, jis yo byen santi li.”


O Espwa Israël la, Sovè li nan tan gwo twoub la, poukisa Ou tankou yon etranje nan peyi a? Oswa yon vwayajè ki te monte tant li lannwit?


Alò, SENYÈ a te di mwen: “Menm si Moïse ak Samuel te kanpe devan M, kè M pa t ap avèk pèp sa a. Voye yo sòti nan prezans Mwen! Kite yo ale nèt!


Mwen va fè lènmi ou yo mennen yo nan yon peyi ke ou pa konnen; paske yon dife te vin limen nan kòlè Mwen ki va brile sou ou.”


Mwen va fè yo yon objè sezisman pami tout wayòm latè yo, akoz Manassé, fis a Ézéchias la, wa Juda a, pou sa li te fè Jérusalem nan.”


Paske konsa pale SENYÈ a: “Pa antre nan kay doulè a, ni pa ale kriye pou yo! Pa regret yo! Paske Mwen te retire lapè M de pèp sa a,” deklare SENYÈ a: “lanmou Mwen ak konpasyon Mwen.”


Epi ou va menm pou kont ou, kite eritaj ke M te ba ou la. Konsa, Mwen va fè ou sèvi lènmi ou yo nan peyi ke ou pa konnen an; paske ou te limen nan kòlè Mwen yon dife ki va brile jis pou tout tan.


Mwen va jete ou ak manman ou ki te fè ou a jis nan yon lòt peyi kote ou pa t fèt, e la ou va mouri.


Èske nonm sa a, Jenocia se yon po meprize, kraze nèt? Oswa èske li se yon veso lèd, san valè? Poukisa li menm ak desandan li yo te jete deyò konsa e depoze nan yon peyi ke yo pa t konnen?


Li va vin rive ke lè yo di: ‘Poukisa SENYÈ Bondye nou an te fè nou tout bagay sa yo?’ ke ou va di yo: ‘Jan nou te abandone M nan pou te sèvi dye etranje nan peyi nou; alò, se konsa nou va sèvi etranje nan yon peyi ki pa pou nou.’


Èske yo te vin wont akoz bagay abominab yo te fè? Yo pa t wont menm. Yo pa t menm konnen kijan pou yo ta vin wont. Akoz sa, yo va tonbe pami sila ki tonbe yo. Nan lè ke Mwen fè vizit ak yo, yo va vin jete anba”, di SENYÈ a.


“SENYÈ a va mennen nou avèk wa ke nou mete sou nou yo, a yon nasyon ki ni nou menm, ni zansèt nou yo pa t konnen. Epi la, nou va sèvi lòt dye yo, fèt ak bwa ak wòch.


SENYÈ a te dechouke yo nan peyi pa yo a nan kòlè Li. Avèk gwo mekontantman, Li te rache yo soti nan peyi yo pou jete yo nan yon lòt peyi, jan li ye kounye a.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite