Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 5:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Li va vin rive ke lè yo di: ‘Poukisa SENYÈ Bondye nou an te fè nou tout bagay sa yo?’ ke ou va di yo: ‘Jan nou te abandone M nan pou te sèvi dye etranje nan peyi nou; alò, se konsa nou va sèvi etranje nan yon peyi ki pa pou nou.’

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

19 Lè y'a mande poukisa Senyè a, Bondye yo a, ap fè yo sibi tou sa, w'a di yo: Menm jan yo te vire do ban mwen pou y'al sèvi bondye moun lòt nasyon yo isit nan pwòp peyi yo a, konsa tou, nou pral sèvi moun lòt nasyon yo nan yon peyi ki pa pou nou.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 5:19
18 Referans Kwoze  

“Si ou di nan kè ou, poukisa bagay sa te rive mwen?” Akoz grandè a inikite ou, jip ou yo te vin retire e talon ou yo te vin ekspoze.


Akoz sa, Mwen va jete nou deyò peyi sa a, antre nan yon peyi ke nou pa t janm konnen, ni nou menm, ni papa zansèt nou yo. La menm, nou va sèvi lòt dye yo lajounen kon lannwit, paske Mwen p ap bannou okenn favè.’


Epi ou va menm pou kont ou, kite eritaj ke M te ba ou la. Konsa, Mwen va fè ou sèvi lènmi ou yo nan peyi ke ou pa konnen an; paske ou te limen nan kòlè Mwen yon dife ki va brile jis pou tout tan.


Paske pèp Mwen an te komèt de kalite mal: Yo te abandone Mwen, fontèn dlo vivan yo, epi yo te fouye pou kont yo lòt sitèn; sitèn yo ki kraze ki pa ka kenbe dlo.


Èske Israël se yon esklav? Èske li se yon esklav ki te fèt lakay nou? Pou ki rezon li te devni yon kaptif?


Sepandan, ou te di: ‘Mwen inosan. Asireman, kòlè Li pa sou mwen.’ Gade byen, Mwen va antre nan jijman avèk ou, paske ou di: ‘Mwen pa t peche.’


“Malgre, menm nan jou sa yo”, deklare SENYÈ a, “Mwen p ap fin detwi nou nèt.


“Deklare sa a nan kay Jacob la e pwoklame li nan Juda, pou di:


Ki moun saj ki ka konprann sa a? Epi kilès li menm bouch SENYÈ a te pale, pou l ka fè deklarasyon sa a? Poukisa peyi a vin detwi konsa, brile nèt kon yon dezè, pou pèsòn pa menm pase ladann?


SENYÈ a di: “Akoz yo te abandone Lalwa ke Mwen te mete devan yo a e yo pa t obeyi vwa Mwen, ni mache selon li,


Se esklav yo k ap domine sou nou; nanpwen moun ki pou delivre nou nan men yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite