Konsa, richès yo va tounen piyaj e lakay yo va vin devaste. Wi, yo va bati kay, men yo p ap rete ladan yo. Yo va plante chan rezen, men yo p ap bwè diven yo.
Peyi nou an vin devaste, vil nou yo brile ak dife. Chan nou yo——se etranje k ap devore yo nan prezans nou; se dezolasyon nèt, pandan etranje yo ap ranvèse li.
Akoz sa, Mwen va mennen fè vini sila ki pi mal nan tout nasyon yo, e se yo k ap posede lakay yo. Mwen va, anplis, fè ògèy a sila ki pwisan yo sispann. Lye sen yo va vin gate nèt.
Epi ou va menm pou kont ou, kite eritaj ke M te ba ou la. Konsa, Mwen va fè ou sèvi lènmi ou yo nan peyi ke ou pa konnen an; paske ou te limen nan kòlè Mwen yon dife ki va brile jis pou tout tan.