Mwen pa chita avèk mesye k ap twonpe moun yo. Ni mwen pa pale avèk sila k ap pran poz yo.
Jeremi 16:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen “Anplis, ou pa prale nan yon kay ki gen fèt pou chita ak yo pou manje ak bwè.” 1998 Haïtienne Ni tou, pa antre nan kay kote y'ap fè fèt. Pa chita pou nan manje bwè ak yo. |
Mwen pa chita avèk mesye k ap twonpe moun yo. Ni mwen pa pale avèk sila k ap pran poz yo.
Mwen pa t chita nan sèk moun k ap fè banbòch, ni mwen pa t vante tèt mwen wo. Akoz men Ou sou mwen, mwen te chita apa pou kont mwen, paske Ou te ranpli mwen ak endiyasyon.
Paske menm jan ke jou yo te ye avan gwo delij la, yo t ap manje e bwè; yo t ap marye, e t ap bay moun nan maryaj, jouk jou ke Noé te antre nan lach la.
Men an reyalite, mwen te ekri nou pou nou pa asosye nou avèk nenpòt moun ke nou konn rele “frè” si li se yon moun imoral, oubyen ranpli ak lanvi, oubyen yon moun idolat, yon medizan, yon tafyatè, oubyen yon moun ki nan fwod——pou nou pa ta menm manje avèk yon moun konsa.