Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Sòm 26:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Mwen pa chita avèk mesye k ap twonpe moun yo. Ni mwen pa pale avèk sila k ap pran poz yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Mwen pa chita ansanm ak moun k'ap bay manti, mwen pa gen anyen pou m wè ak moun ipokrit.

Gade chapit la Kopi




Sòm 26:4
11 Referans Kwoze  

Mwen pa t chita nan sèk moun k ap fè banbòch, ni mwen pa t vante tèt mwen wo. Akoz men Ou sou mwen, mwen te chita apa pou kont mwen, paske Ou te ranpli mwen ak endiyasyon.


Beni se nonm ki pa mache nan konsèy mechan yo ni kanpe nan pa pechè yo, ni chita nan chèz mokè yo,


Sila ki mache ak moun saj va vin saj; men bon zanmi a moun ensanse a va soufri.


Kite mwen, malfektè, pou m kab swiv kòmandman a Bondye mwen yo.


Konsa, “‘Soti nan mitan yo, e separe de yo’, di Senyè a. ‘Pa touche sa ki enpi. Mwen va akeyi nou.


Mwen se zanmi parèy a tout sila ki gen lakrent Ou yo ak sila ki swiv règleman Ou yo.


Pa twonpe tèt nou: “Move zanmi gate bon prensip.”


Sila ki raboure tè li a va gen anpil pen; men sila ki swiv bagay san valè yo manke bon konprann.


Kite foli ou pou ou ka viv; epi avanse nan chemen bon konprann nan.”


“Si mwen te mache nan sa ki fo, e pye m te kouri dèyè twonpe moun,


Yon kè ki pèvès va oblije kite prezans mwen. Mwen p ap aksepte konnen okenn mal.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite