Anplis, Li te fè yo resevwa mizerikòd Li, menm nan men a tout nasyon ki te fè yo prizonye yo.
Jeremi 15:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen SENYÈ a te di: “Anverite, Mwen va bay ou fòs pou sa ki bon. Anverite, Mwen va fè lènmi an fè siplikasyon pou ou nan yon tan gwo dezas, ak yon tan gwo doulè. 1998 Haïtienne Senyè, se pou tout madichon yo rive m vre si mwen pa sèvi ou byen, si mwen pat plede avè ou pou tout lènmi m yo, lè yo te nan malè, lè yo te nan tou sa k pa bon. |
Anplis, Li te fè yo resevwa mizerikòd Li, menm nan men a tout nasyon ki te fè yo prizonye yo.
Nan jou ke m te rele Ou a, Ou te reponn mwen. Ou te fè m plen ak kouraj ak fòs nan nanm mwen.
Malgre yon pechè fè mal san fwa e mennen yon vi ki long, mwen toujou konnen ke sa prale byen pou sila ki gen lakrent Bondye yo, ki gen lakrent devan L yo.
Pa pè, paske Mwen avèk ou. Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou. Mwen va fòtifye ou. Anverite Mwen va bay ou sekou. Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati, men dwat Mwen.
Souple, mande a SENYÈ a pou nou menm, paske Nebucadnetsar, wa Babylone nan ap fè lagè kont nou. Petèt SENYÈ a va aji avèk nou selon zèv mèvèy Li yo, pou lènmi an rete kò l sou nou.
Konsa, Wa Sédécias te voye retire li. Nan palè li, wa a an sekrè te kesyone l. Li te mande: “Èske gen yon pawòl ki sòti nan SENYÈ a?” Jérémie te reponn: “Wi, genyen!” Epi li te di: “Ou va livre nan men wa a Babylone nan.”
Men wa Sédécias te voye Jucal, fis a Schélémia a, ak Sophonie, fis a Maaséja a, kote Jérémie, pwofèt la. Li te di: “Souple, priye a SENYÈ a, Bondye nou an, pou nou menm.”
Epi Wa Sédécias te voye fè yo mennen Jérémie, pwofèt la, kote li nan twazyèm antre ki nan kay SENYÈ a; epi wa a te di a Jérémie: “Mwen ap mande ou yon bagay. Pa kache anyen devan m.”
Yo te di a Jérémie, pwofèt la: “Souple, kite demand nou an vin parèt devan ou, e priye SENYÈ a, Bondye ou a, pou nou; pou tout retay sa a, akoz nou se sèlman kèk grenn ki rete pami anpil nan nou, jan zye ou konn wè nou an,