Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 37:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Men wa Sédécias te voye Jucal, fis a Schélémia a, ak Sophonie, fis a Maaséja a, kote Jérémie, pwofèt la. Li te di: “Souple, priye a SENYÈ a, Bondye nou an, pou nou menm.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Men, wa Sedesyas te voye Jewoukal, pitit Chelemya, ak Sefanya, prèt la, pitit Maseja, bò kote pwofèt Jeremi pou mande l lapriyè Senyè a, Bondye yo a, pou yo tout.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 37:3
20 Referans Kwoze  

Wa a te di a nonm Bondye a: “Souple, fè yon lapriyè a SENYÈ a, Bondye ou a e mande pou mwen, pou men m kapab vin restore a mwen menm.” Konsa, nonm Bondye a te priye a SENYÈ a, epi men a wa a te restore de li menm. Li te vin jan li te ye avan an.


Alò, pou sa, souple padone peche mwen yo sèlman pou fwa sa a, e fè lapriyè pou mwen bay SENYÈ a, Bondye nou an, pou Li ta sèlman retire lanmò sa a sou mwen.”


Farawon te di: “M ap kite nou ale, pou nou kapab fè sakrifis a SENYÈ a, Bondye pa w la nan dezè a; men nou p ap prale lwen. Priye pou Mwen.”


Alò, Farawon te rele Moïse avèk Aaron e te di: “Soupliye SENYÈ a pou Li retire krapo yo sou mwen, ak pèp mwen an, epi mwen va kite pèp la ale pou yo kapab fè sakrifis a SENYÈ a.”


Fè lapriyè bay SENYÈ a, paske te gen kont tonnè avèk lagrèl. Mwen va kite nou ale, e nou p ap rete ankò.”


SENYÈ a te di: “Anverite, Mwen va bay ou fòs pou sa ki bon. Anverite, Mwen va fè lènmi an fè siplikasyon pou ou nan yon tan gwo dezas, ak yon tan gwo doulè.


kap di pyebwa a: ‘Se ou ki papa mwen’, epi a yon wòch: ‘Se ou ki fè mwen.’ Paske yo te vire do ban Mwen olye figi yo; men nan tan gwo pwoblèm yo, yo va di Mwen: ‘Leve pou sove nou.’


“Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, konsènan Achab, fis a Kolaja a, e konsènan Sédécias, fis a Maaséja a, k ap fè fo pwofesi bannou nan non Mwen, ‘Gade Byen, Mwen va livre yo nan men Nebucadnetsar, wa Babylone nan e li va touye yo devan zye nou.


“Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Akoz ou te voye lèt nan pwòp non pa w a tout pèp Jérusalem nan, a Sophonie, fis a Maaséja a, prèt la, epi a tout prèt yo, epi di:


Konsa, Wa Sédécias te voye retire li. Nan palè li, wa a an sekrè te kesyone l. Li te mande: “Èske gen yon pawòl ki sòti nan SENYÈ a?” Jérémie te reponn: “Wi, genyen!” Epi li te di: “Ou va livre nan men wa a Babylone nan.”


“Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Konsa nou va di a wa Juda a, ki te voye nou kote m pou mande konsèy la: “Gade byen, lame Farawon ki te vin parèt pou bannou asistans lan va retounen nan pwòp peyi li an Égypte.


Alò, Schephathia, fis a Mattan e Guedalia, fis a Paschhur, fis a Malkija, te tande pawòl ke Jérémie t ap pale a tout pèp la e t ap di:


Epi tout gran chèf lame yo, Jochanan, fis a Karéach la, Jezania, fis Hosée a, ak tout pèp la, ni piti, ni gran, te pwoche.


Paske nou twonpe pwòp tèt nou. Se nou menm ki te voye mwen kote SENYÈ a, Bondye nou an. Nou te di: “Priye pou nou a SENYÈ a, Bondye nou an, epi nenpòt sa SENYÈ a, Bondye nou an di, fè nou konnen e nou va fè l.”


Epi chèf kò gad la te pran Seraja, chèf prèt la, Sophonie, dezyèm wo prèt la, ak twa ofisye a tanp yo.


Konsa, pèp la te vini a Moïse e te di: “Nou te peche, pwiske nou te pale kont SENYÈ a ak ou menm. Entèsede pou nou avèk SENYÈ a, pou Li kapab retire sèpan sa yo sou nou.” Epi Moïse te entèsede pou pèp la.


Men Simon te reponn e te di: “Priye a Senyè a pou mwen, nou menm, pou anyen nan sa nou di yo pa vin rive m.”


Alò, tout pèp la te di a Samuel: “Priye pou sèvitè ou yo a SENYÈ a, Bondye ou a, pou nou pa mouri; paske nou te ogmante sou peche nou yo, mal sila a, ke nou te mande yon wa pou kont nou an.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite