Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jeremi 21:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Souple, mande a SENYÈ a pou nou menm, paske Nebucadnetsar, wa Babylone nan ap fè lagè kont nou. Petèt SENYÈ a va aji avèk nou selon zèv mèvèy Li yo, pou lènmi an rete kò l sou nou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Yo di l: — Tanpri, pale ak Senyè a pou nou, paske Nebikadneza, wa Babilòn lan, ap fè nou lagè. Ou pa janm konnen! Senyè a ka fè ankò pou nou yonn nan mirak li yo pou fòse Nebikadneza vire do l al fè wout li.

Gade chapit la Kopi




Jeremi 21:2
44 Referans Kwoze  

Kòmansman wayòm li an te Babel, Érec, Accad, avèk Cainé nan peyi a Schinear yo.


Men zanj SENYÈ a te di a Élie, Tichbit la: “Leve, ale monte pou rankontre mesaje a wa Samarie yo. Di yo: ‘Èske se akoz nanpwen Dye an Israël ke ou prale mande a Baal-Zebub, dye a Ékron an?’


Wa a Assyrie a te mennen moun soti Babylone, Cutha, ak Avva pou Hamath, ak Sepharvaïm, e li te etabli yo nan vil Samarie yo pou ranplase fis Israël yo. Konsa, yo te posede Samarie e yo te viv nan vil pa li yo.


Konsa, SENYÈ a te voye yon zanj ki te detwi tout gwo gèrye, kòmandan ak chèf nan kan wa Assyrie a. Pou sa, li te retounen nan wont li ale nan pwòp peyi li. Epi lè li te antre nan tanp dye pa li a, kèk nan pwòp pitit pa li yo te touye li la avèk nepe.


Fè lapriyè bay SENYÈ a, paske te gen kont tonnè avèk lagrèl. Mwen va kite nou ale, e nou p ap rete ankò.”


Paske yo rele tèt yo menm jan ak vil sen an e yo depann sou Bondye Israël la; SENYÈ dèzame se non Li.


SENYÈ a te di: “Anverite, Mwen va bay ou fòs pou sa ki bon. Anverite, Mwen va fè lènmi an fè siplikasyon pou ou nan yon tan gwo dezas, ak yon tan gwo doulè.


Alò, Jérémie te di yo: “Nou va di Sédécias konsa:


‘A, SENYÈ Bondye! Gade byen, Ou te fè syèl yo ak tè a ak gran pouvwa Ou, e ak men Ou lonje! Nanpwen anyen ki twò difisil pou Ou,


“Gade byen, men balkon tè syèj yo fin rive kote vil la pou pran l. Epi vil la fin bay nan men a Kaldeyen ki goumen kont li yo, akoz nepe, ak gwo grangou, avèk ensèk ak maladi ki devaste. Konsa, sa Ou te pale a fin rive. Gade byen, Ou wè l.


Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a, lè Nebucadnetsar, wa Babylone nan, ak tout lame li a, ak tout wayòm latè ki te anba pouvwa l yo ak tout pèp yo, t ap goumen kont Jérusalem e kont tout vil li yo, ki te di:


Konsa, Wa Sédécias te voye retire li. Nan palè li, wa a an sekrè te kesyone l. Li te mande: “Èske gen yon pawòl ki sòti nan SENYÈ a?” Jérémie te reponn: “Wi, genyen!” Epi li te di: “Ou va livre nan men wa a Babylone nan.”


Men wa Sédécias te voye Jucal, fis a Schélémia a, ak Sophonie, fis a Maaséja a, kote Jérémie, pwofèt la. Li te di: “Souple, priye a SENYÈ a, Bondye nou an, pou nou menm.”


“Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Konsa nou va di a wa Juda a, ki te voye nou kote m pou mande konsèy la: “Gade byen, lame Farawon ki te vin parèt pou bannou asistans lan va retounen nan pwòp peyi li an Égypte.


Gwo dega va rive sou gwo dega, e gwo koze sou gwo koze. Konsa, yo va chache yon vizyon soti nan yon pwofèt, men lalwa va fin pèdi nan men prèt la, e p ap gen konsèy menm nan men ansyen yo.


Fis Israël yo te mande devan SENYÈ a (paske lach temwayaj la te la nan jou sa yo,


Pou sa, yo vin mande plis a SENYÈ a: “Èske nonm nan gen tan rive isit la deja?” Pou sa, Bondye te di: “Gade byen, l ap kache kò li kote pwovizyon yo.”


Alò, Samuel te di a Saül: “Poukisa ou twouble m e mennen m monte?” Saül te reponn: “Mwen nan gwo pwoblèm anpil; paske Filisten yo ap fè lagè kont mwen, Bondye te kite mwen e Li pa reponn mwen ankò, ni pa pwofèt yo, ni nan rèv. Pou sa, mwen te rele ou, pou ou kapab fè m konnen kisa pou m fè.”


Lè Saül te fè demann SENYÈ a, SENYÈ a pa t reponn li, ni nan rèv, ni avèk Orim, ni pa pwofèt yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite