Jenèz 8:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Li te tann pou yon lòt sèt jou ankò, e li te revoye toutrèl la soti nan lach la. 1998 Haïtienne Li tann sèt jou pase. Apre sa, li lage pijon an yon dezyèm fwa, li fè l sòti nan batiman an. |
Paske, apre sèt jou ankò, Mwen va voye lapli sou latè pandan karant jou ak karant nwit. Konsa, Mwen va efase sou fas tè a chak èt vivan ke Mwen te fè.”
Toutrèl la te vin kote l vè aswè, e gade byen, nan bèk li te gen yon fèy bwa doliv byen fre. Konsa Noé te konnen ke dlo a te bese sou tè a.
Alò, li te tann pou youn lòt sèt jou. Li te revoye toutrèl la, e li pa t retounen kote li ankò.
men toutrèl la pa t jwenn plas repo pou plante pye li, e li te retounen kote li nan lach la, paske dlo a te sou fas tout tè a. Alò, li te lonje men l deyò, li te pran l, e li te fè l antre nan lach la vè li menm.
Anverite, selon jijman Ou yo, O SENYÈ, nou t ap tann Ou. Non Ou, menm memwa Ou, se dezi a nanm nou.
Mwen va tann SENYÈ a ki kache figi Li kont kay Jacob la. Mwen va chache Li ak enpasyans.