Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 7:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Paske, apre sèt jou ankò, Mwen va voye lapli sou latè pandan karant jou ak karant nwit. Konsa, Mwen va efase sou fas tè a chak èt vivan ke Mwen te fè.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Paske, nan sèt jou ankò, m'ap fè yon sèl lapli tonbe sou latè pandan karant jou karant nwit. M'ap disparèt tout moun ak tout bèt mwen te fè mete sou latè.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 7:4
23 Referans Kwoze  

Alò potko gen ti bwa chan ki te parèt nan tè a, ni plant chan ki te boujonnen, paske Senyè Bondye a potko voye lapli sou tè a, e pa t gen moun pou kiltive tè a.


Alò, Bondye te di a Noé: “Lafen tout chè gen tan parèt devan M; paske latè vin ranpli avèk vyolans akoz yo menm. Gade byen, mwen prè pou detwi yo ansanm ak latè.


“Gade byen, Mwen menm, Mwen ap mennen delij dlo sou latè pou detwi tout chè ki gen souf lavi ladann, depi anba syèl la. Tout bagay ki sou latè va peri.


Alò SENYÈ a te di: “Lespri Mwen p ap lite avèk lòm pou janmè, paske li menm osi se chè. Konsa, jou li yo va san-ven-ane.”


SENYÈ a te di: “Mwen va efase lòm ke mwen te kreye sou fas tè a, soti nan lòm jis nan tout bèt yo, ak a zwazo anlè yo. Paske mwen regrèt ke m te fè yo.”


Li te rive apre sèt jou ke dlo delij la te vini sou latè.


Lapli te tonbe sou latè pandan karant jou, ak karant nwit.


Konsa delij la te vini sou latè a pandan karant jou. Dlo a te vin ogmante e te leve lach la jis li rive anwo tè a.


Anplis, nan zwazo nan syèl la pa sèt, mal avèk femèl, pou kenbe pòtre yo vivan sou tout sifas tè a.


Li te tann pou yon lòt sèt jou ankò, e li te revoye toutrèl la soti nan lach la.


Alò, li te tann pou youn lòt sèt jou. Li te revoye toutrèl la, e li pa t retounen kote li ankò.


Sous nan fon yo te vin fèmen. Pòtay lapli nan syèl la te fèmen, e lapli ki te sòti nan syèl la te sispann.


ki te rachte avan lè yo, ki te lese fondasyon ki lave a retire nèt pa rivyè a?


Lè L te bay pwa a van an e te divize dlo yo pa mezi,


Ke yo kapab efase soti nan liv lavi a. Pou yo pa vin anrejistre nan achiv ak moun ladwati yo.


Pou sa, se konsa SENYÈ a pale: ‘Gade byen, Mwen prèt pou retire ou sou sifas tè a. Ane sa a, ou va mouri, akoz ou te konseye rebelyon kont SENYÈ a.’”


Anplis de sa, Mwen te fè lapli sispann pandan te gen twa mwa ankò avan rekòlt la. Konsa, Mwen te voye lapli nan yon vil pandan Mwen te refize li nan yon lòt. Yon pati te jwenn lapli, pandan pati ki pa t resevwa lapli a te seche.


“Sila ki vin venkè a va abiye konsa, an vètman blan. Mwen p ap janm efase non li nan liv lavi a, e Mwen va konfese non li devan Papa M ak devan zanj Li yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite