Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 8:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Alò, li te tann pou youn lòt sèt jou. Li te revoye toutrèl la, e li pa t retounen kote li ankò.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Li tann sèt jou pase anvan li lage pijon an ankò. Fwa sa a menm pijon an pat tounen vin jwenn li ankò.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 8:12
12 Referans Kwoze  

Li te tann pou yon lòt sèt jou ankò, e li te revoye toutrèl la soti nan lach la.


Toutrèl la te vin kote l vè aswè, e gade byen, nan bèk li te gen yon fèy bwa doliv byen fre. Konsa Noé te konnen ke dlo a te bese sou tè a.


Tann SENYÈ a. Kenbe fòs Ou e kite kè Ou pran kouraj. Wi, tann SENYÈ a.


Konsa, li va pale nan jou sa a, “Gade byen, sa se Bondye nou an! Sila nou te tann pou L te ka sove nou an! Sa se SENYÈ a! Sila nou t ap tann nan! Annou rejwi e fè kè kontan nan sali Li a!”


Anverite, selon jijman Ou yo, O SENYÈ, nou t ap tann Ou. Non Ou, menm memwa Ou, se dezi a nanm nou.


Konsa, SENYÈ a ap tan. Li vle fè nou gras pou Li kapab egzalte, pou Li kapab fè nou mizerikòd. Paske SENYÈ a se yon Bondye de jistis. A la beni tout sila k ap tan Li yo beni!


Mwen va tann SENYÈ a ki kache figi Li kont kay Jacob la. Mwen va chache Li ak enpasyans.


Kite vil yo pou rete nan kav wo yo, O moun Moab yo! Fè tankou toutrèl ki fè nich li dèyè bouch gwo kav yo.


Paske vizyon an toujou pou lè deziye a. La p pwoche vit pou rive nan bi li, ni li p ap fè fayit. Menmsi li fè reta, tann li; paske anverite, li va vini. Li p ap fè mize.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite