“Men Mwen va etabli akò Mwen avèk ou. Konsa, ou va antre nan lach la—ou menm avèk fis ou yo, avèk madanm ou yo, madanm a fis ou yo ansanm avèk ou.
Jenèz 7:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Konsa, SENYÈ a te di a Noé: “Antre nan lach la, ou avèk tout lakay ou, paske se ou sèl mwen te wè ki dwat devan mwen nan jenerasyon sila a. 1998 Haïtienne Senyè a di Noye: — Antre nan gwo batiman an, ou menm ansanm ak tout fanmi ou, paske, nan tout moun k'ap viv kounye la a, se ou menm sèl mwen wè k'ap mache dwat devan mwen. |
“Men Mwen va etabli akò Mwen avèk ou. Konsa, ou va antre nan lach la—ou menm avèk fis ou yo, avèk madanm ou yo, madanm a fis ou yo ansanm avèk ou.
Sa yo se achiv jenerasyon Noé yo. Noé se te yon moun ak ladwati, san fot nan tan pa li a. Noé te mache avèk Bondye.
O jis nan menm jou sa a, Noé avèk Sem, Cham, avèk Japhet, fis a Noé yo, madanm a Noé, ak twa madanm a fis li yo, te antre nan lach la,
Noé avèk fis li yo, avèk madanm li, avèk madanm a fis li yo, avèk li menm te antre nan lach la akoz dlo delij la.
Sila ki mache ak entegrite a, mache an sekirite; men sila ki fè wout kwochi a va vin dekouvri.
Menmsi twa mesye sila yo, Noé, Daniel, ak Job te nan mitan yo, ladwati yo pa ta delivre plis ke pwop nanm pa yo”, deklare Senyè BONDYE a.
Chache SENYÈ a, nou tout ki enb sou tè a, ki te kenbe òdonans li yo. Chache ladwati. Chache imilite. Petèt nou va jwenn pwoteksyon nan jou kòlè SENYÈ a.
Yo te toude jis devan zye Bondye. Yo te mache san fot nan tout kòmandman ak devwa Senyè a.
Paske pwomès la se pou nou, pou pitit nou yo, e pou tout sila ki byen lwen yo, ak tout kantite ke Senyè a, Bondye nou an va rele a Li menm.”
Pa lafwa Noé te avèti pa Bondye de bagay ki potko vizib yo, avèk respè, li te prepare yon lach pou sove tout lakay li. Pa sa, li te kondane mond lan, e li te devni yon eritye ladwati ki se pa lafwa.
Se yo menm ki avan te dezobeyisan yo, lè pasyans a Bondye te toujou ap tann nan jou a Noe yo, lè lach la t ap konstwi a. Se ladann kèk moun (sa vle di uit moun) te mennen rive sof nan dlo a.