Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jenèz 6:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Sa yo se achiv jenerasyon Noé yo. Noé se te yon moun ak ladwati, san fot nan tan pa li a. Noé te mache avèk Bondye.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Men pitit pitit Noye yo. Nan tout moun ki t'ap viv lè sa a, Noye te sèl moun ki t'ap mache dwat devan Bondye, ki pat nan anyen ki mal. Li t'ap mache byen ak Bondye.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 6:9
34 Referans Kwoze  

Yo te toude jis devan zye Bondye. Yo te mache san fot nan tout kòmandman ak devwa Senyè a.


Pa lafwa Noé te avèti pa Bondye de bagay ki potko vizib yo, avèk respè, li te prepare yon lach pou sove tout lakay li. Pa sa, li te kondane mond lan, e li te devni yon eritye ladwati ki se pa lafwa.


epi pa t epagne ansyen mond lan, men te prezève Noé, yon predikatè ladwati, avèk sèt lòt, lè Li te voye yon delij sou mond konwonpi a,


Konsa, SENYÈ a te di a Noé: “Antre nan lach la, ou avèk tout lakay ou, paske se ou sèl mwen te wè ki dwat devan mwen nan jenerasyon sila a.


Hénoc te mache avèk Bondye; e li pa t la ankò, paske Bondye te pran l.


Alò, li klè ke pèsòn pa jistifye pa Lalwa devan Bondye, paske “Moun jis la va viv pa lafwa”.


Alò, lè Abram te gen laj katre-ven-sèz ane, SENYÈ a te parèt a Abram. Li te di li: “Mwen menm se Bondye Toupwisan an. Mache devan mwen, e rete san fot.


Alò, Hénoc te mache ansanm avèk Bondye pandan twa san ane apre li te vin papa a Methuschélah, e li te gen lòt fis ak fi.


Menmsi twa mesye sila yo, Noé, Daniel, ak Job te nan mitan yo, ladwati yo pa ta delivre plis ke pwop nanm pa yo”, deklare Senyè BONDYE a.


Te gen yon mesye nan peyi Uts ki te rele Job. Nonm sa a te san repwòch, dwat, te gen lakrent Bondye e te vire kite tout mal.


Sa se listwa syèl yo avèk tè a lè yo te kreye, nan jou ke SENYÈ Bondye a e fè tè a avèk syèl la.


Nou menm osi, kòm wòch vivan, ki bati kòm yon kay sen, pou nou fè sèvis kòm prèt ki sen, pou ofri sakrifis sen, ki akseptab a Bondye, atravè Jésus Kri.


Anverite, nanpwen yon moun dwat sou latè ki fè sa ki bon tout tan, e ki pa janm peche.


Yo te di: “Corneille, yon sòlda santenye, yon nonm dwat e ki krent Bondye, e ki byen pale pa tout nasyon Jwif la, te dirije pa yon zanj pou voye kote ou pou vini lakay li pou tande yon mesaj de ou menm.”


menmsi Noé, Daniel ak Job te nan mitan l, kon Mwen viv la, deklare Senyè BONDYE a, “yo pa t ap ka delivre ni fis yo, ni fi yo. Yo ta delivre sèlman pwòp tèt yo, pa ladwati pa yo.”


SENYÈ a te di a Satan: “Èske ou remake sèvitè mwen an, Job? Paske nanpwen okenn tankou li sou latè, yon nonm san repwòch ki gen lakrent Bondye, e ki vire kite mal.”


Paske se nan levanjil sa a ke ladwati Bondye revele soti nan lafwa pou rive nan lafwa, jan sa ekri a: “Men moun ki jis la ap viv pa lafwa”.


Yon mesye ki te rele Joseph, yon manm Konsèy la, te yon nonm ki te bon e jis.


Konsa, te gen yon mesye Jérusalem ki te rele Siméon. Mesye sa a te jis e devwe. Li t ap chache konsolasyon Israël, epi Lespri Sen an te sou li.


Gade byen, kè l anfle. Nanm li pa dwat anndan l, men moun dwat la va viv pa lafwa li.


Men pa a moun dwat yo se tankou limyè granmmaten ki briye pi fò e pi fò jiskaske li vin fè jou nèt.


Byen remake nonm san tò a, epi gade byen nonm ladwati a, paske nonm lapè a va gen posterite.


Men wo plas yo pat retire soti an Israël; sepandan, kè Asa te san repwòch pandan tout jou li yo.


Li te beni Joseph, e te di: “Bondye devan sila zansèt mwen yo, Abraham avèk Isaac te mache a, Bondye ki te bèje m nan pandan tout vi m jis rive jounen jodi a,


Mwen se yon blag devan zanmi mwen yo, sila ki te fè apèl Bondye a, e Li te reponn li an. Nonm nan ki dwat e san tò a vin yon blag.


Salomon te di: “Ou te montre lanmou dous Ou anpil a sèvitè ou a, David, papa m, selon jan li te mache devan Ou, anverite, avèk ladwati, avèk kè ki dwat anvè Ou. Ou te konsève pou li gran amou sila a, ke Ou te ba li yon fis ki pou chita sou twòn li an, jan sa ye jodi a.


Li te fè sa ki dwat nan zye SENYÈ a, sepandan, pa avèk tout kè l.


Alò, sa yo se achiv a jenerasyon yo pou Cham, Sem, ak Japhet, fis Noé yo. Fis te ne pou yo apre delij la.


Sa se liv jenerasyon Adan yo. Nan jou ke Bondye te kreye lòm, Li te fè l nan imaj Bondye.


Noé te vin papa twa fis: Sem, Cham, ak Japhet.


“Fòk nou san fot devan SENYÈ a, Bondye nou an.


Anplis, mwen te san fot devan L. Mwen te rete lib de inikite mwen.


Men delivrans a moun dwat yo soti nan SENYÈ a. Se Li menm ki fòs yo nan tan twoub la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite