Konsa, li te vire lwen yo e li te kriye. Men lè li te retounen vè yo, li te pale avèk yo. Li te pran Siméon nan mitan yo, e li te mare li devan zye yo.
Jenèz 45:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò, Joseph pa t kapab kontwole emosyon li devan tout moun sa yo ki te kanpe akote li yo. Li te kriye: “Fè tout moun kite mwen.” Konsa pa t gen pèsòn avèk li lè Joseph te revele li menm a frè l yo. 1998 Haïtienne Jozèf pat kapab kenbe ankò devan tout moun ki t'ap sèvi l yo. Li di byen fò: — Fè tout moun sòti. Se konsa, pèsonn pat la avèk Jozèf lè li fè frè l yo rekonèt li. |
Konsa, li te vire lwen yo e li te kriye. Men lè li te retounen vè yo, li te pale avèk yo. Li te pran Siméon nan mitan yo, e li te mare li devan zye yo.
Paske kijan mwen kapab monte vè papa m si jènjan an pa avè m?—paske mwen pè pou m ta wè malè ki vin pran papa m.”
Pa pale sa nan Gath, ni pwoklame sa nan lari Askalon yo, sof fi Filisten yo ta rejwi; fi a ensikonsi yo ta egzalte,
Li te pran chodyè a pou te lonje mete yo devan li, men li te refize manje. Epi Amnon te di: “Fè tout moun sòti devan m.” Konsa tout moun te sòti devan li.
Mwen te rete an silans depi lontan sa. Mwen te rete kalm e te kontwole Mwen. Koulye a, tankou yon fanm k ap fè pitit, Mwen va plenyen. Mwen va rale gwo souf e respire fò.
Si mwen di: “Mwen p ap sonje Li ankò, ni pale ankò nan non Li”, alò, anndan kè mwen vin kon yon dife k ap brile ki fèmen nan zo m. Mwen bouke kenbe l anndan m, mwen pa kapab.
Epi Mwen va vide sou kay David la, ak sou moun Jérusalem yo, Lespri a gras, ak Lespri lapriyè pou mande mizerikòd. Konsa, yo va gade vè Mwen menm Sila ke yo te pèse a. Yo va soufri gwo doulè pou Li, tankou yon moun k ap fè dèy pou yon sèl fis li genyen, e yo va kriye anpil anpil sou Li jan yon moun ta kriye sou sèl fis inik li.
“Si frè ou peche, rele l apa pou pale avèk li. Si li koute ou, ou gen tan rekonsilye ak frè ou a.
pa a tout pèp la, men a temwen ki te chwazi oparavan pa Bondye yo; a nou menm ki te manje e bwè avèk Li apre Li te leve soti nan lanmò a.
Nan dezyèm vizit la Joseph te fè frè l yo dekouvri ki moun li te ye, efanmi Joseph te vin entwodwi a Pharaon.
Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa fè kòlè pa teni kont de mal li resevwa.