Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jenèz 42:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

24 Konsa, li te vire lwen yo e li te kriye. Men lè li te retounen vè yo, li te pale avèk yo. Li te pran Siméon nan mitan yo, e li te mare li devan zye yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

24 Jozèf sòti kote yo te ye a, l'al kriye. Lèfini li tounen, li pale ak yo, li pran Simeyon, li fè yo mete l nan chenn, la devan yo tout.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 42:24
15 Referans Kwoze  

Alò, li te rive nan twazyèm jou a, lè yo te nan doulè, de nan fis a Jacob yo, Siméon avèk Lévi, frè a Dina yo, yo chak te pran nepe yo. Yo te vini sou vil la san yo pa konnen, e yo te touye tout mal yo.


Men yo pa t konnen ke Joseph te konprann, paske te gen yon entèprèt antre yo.


Konsa, ke Bondye Toupwisan an kapab bannou gras nan zye mesye a, pou li kab lage bannou lòt frè nou an avèk Benjamin. Epi pou mwen, si mwen pèdi pitit mwen yo, mwen pèdi nèt.”


Li te di: “Rete anpè, nou pa bezwen pè. Bondye pa nou an e Bondye papa nou an te bannou trezò nan sak nou yo. Mwen te resevwa kòb nou an.” Epi li te mennen Siméon deyò bay yo.


Konsa, Joseph te fè vit ale deyò, paske li te tèlman touche byen fon pa prezans frè li yo, e li te chache yon kote pou l ta kab kriye. Li te antre nan chanm li an, e li te kriye la.


Alò, Joseph pa t kapab kontwole emosyon li devan tout moun sa yo ki te kanpe akote li yo. Li te kriye: “Fè tout moun kite mwen.” Konsa pa t gen pèsòn avèk li lè Joseph te revele li menm a frè l yo.


Li te kriye tèlman fò ke Ejipsyen yo te tande l. Menm lakay Farawon te tande l.


Nan tout afliksyon yo, Li te aflije e zanj a prezans Li an te sove yo. Nan lanmou dous Li a ak mizerikòd Li, Li te rachte yo. Li te leve yo, e te pote yo pandan tout ansyen jou yo.


Lè l te pwoche Jérusalem Li te wè vil la e Li te komanse kriye sou li.


Rejwi avèk sila ki rejwi yo, e kriye avèk sila ki kriye yo.


Si yon manm soufri, pou tout manm yo soufri avèk li. Si yon manm resevwa onè, pou tout manm yo rejwi avèk li.


Paske nou pa gen yon wo prèt ki pa gen senpati ak feblès nou yo, men youn ki te tante nan tout bagay tankou nou menm, men san peche.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite