Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Travay 10:41 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

41 pa a tout pèp la, men a temwen ki te chwazi oparavan pa Bondye yo; a nou menm ki te manje e bwè avèk Li apre Li te leve soti nan lanmò a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

41 Se pa tout moun non ki te wè li. Se nou menm ase ki te wè li. Bondye te chwazi nou davans pou sèvi l temwen. Wi, nou manje avè l, nou bwè avè l apre Bondye te fè l tounen vivan sòti nan lanmò.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

41 Se pa tout moun nan pèp Jwif la ki te wè li, men nou menm Bondye te chwazi pou rann temwanyaj la, nou manje ak li, nou bwè ak li apre l te fin resisite a.

Gade chapit la Kopi




Travay 10:41
15 Referans Kwoze  

Lè Li te repoze sou tab avèk yo, Li te pran pen an; Li te beni li, kase li, e Li te kòmanse bay yo li.


Nou menm se temwen a bagay sa yo.


Sa se Lespri verite a, ke lemonn nan pa kapab resevwa, paske li pa wè Li, ni konnen Li. Men nou konnen Li, paske Li rete avèk nou, epi Li va nan nou.


Apre yon ti tan, lemonn p ap wè M ankò. Men nou menm ap wè m. Akoz ke Mwen viv, nou menm ap viv tou.


Judas, se pa Iscariot la, te di Li: “Senyè, kisa menm ki rive ki fè W ap devwale Ou a nou, e pa a lemonn?”


“Nou pa t chwazi Mwen, men Mwen te chwazi nou, e te etabli nou pou nou ta kapab pote fwi, e ke fwi sa a ta kapab dire, pou nenpòt sa ke nou mande Papa a, nan non pa M, Li kapab bay nou li.


E nou va fè temwayaj tou, paske nou te avèk Mwen depi nan kòmansman.”


Jésus te vini. Li te pran pen an, epi te bay yo, ansanm ak pwason an.


kòmanse nan batèm Jean, jis rive jou ke Li te anlève soti nan mitan nou an, youn nan sila yo ta dwe devni yon temwen avèk nou de rezirèksyon Li.”


Li te rasanble yo ansanm e te kòmande yo: “Pa kite Jérusalem, men tann sa ke Papa a te pwomèt la; sa ke nou te tande de Mwen menm nan.


“Nou se temwen a tout bagay ke Li te fè nan peyi Jwif yo, ak nan Jérusalem. Anplis yo te mete Li a lanmò lè yo te pann Li sou yon kwa.


Konsa, pandan anpil jou, sa yo ki te sòti Galilée pou monte Jérusalem avè L yo, te wè li, menm sila yo ki koulye a se temwen Li a pèp la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite