Jenèz 4:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen men pou Cain, avèk ofrann pa li a, Li pa t kontan. Alò, Cain te vin byen fache, e figi li te vin ba. 1998 Haïtienne Men, li pa te asepte ofrann Kayen an. Lè Kayen wè sa, li nève, li move, li mare figi li byen mare. |
Konsa, li te di yo: “Mwen wè ke konpòtman papa nou anvè mwen menm pa emab jan li te ye lontan an, men Bondye a papa m nan te avèk mwen.
Alò, lè mèt la te tande pawòl a madanm li yo, lè li te pale pou di: “Men sa esklav ou a te fè m nan,” li te vin brile avèk kòlè.
Ke Li kapab sonje tout ofrann sereyal ou yo, ke Li twouve tout ofrann brile ou yo byen akseptab!
Mwen konn wè tout zèv ak tout metye ki konn fèt, fèt akoz lanvi antre yon nonm ak vwazen li. Sa anplis se vanite ak fè lachas dèyè van.
Vizaj figi yo fè temwen kont yo, e yo montre tout moun peche yo tankou Sodome. Yo pa menm kache sa a. Malè a yo menm! Paske yo mennen mal la vin tonbe sou yo.
Alò Moïse te vin byen fache. Li te di a SENYÈ a: “Pa aksepte ofrann pa yo! Mwen pa t pran menm yon bourik nan men yo, ni mwen pa t fè mal a okenn nan yo.”
Èske m pa gen dwa fè sa mwen vle avèk sa ki pou mwen? Oubyen èske zye ou plen ak lanvi paske mwen gen jenewozite?’
Men lè Jwif yo te wè foul la, yo te ranpli avèk jalouzi, e yo te kòmanse pale kont bagay ke Paul te pale yo, e t ap fè blasfèm.
Pa lafwa Abel te ofri a Bondye yon pi bon sakrifis ke Cain, selon sa, li te resevwa temwayaj ke li te jis. Bondye te fè temwayaj de ofrann li yo, epi pa lafwa, malgre ke li mouri, li toujou pale.
Malè a yo! Paske yo ale menm jan avèk Caïn. Pou yon salè yo te kouri tèt an avan nan erè Balaam nan, epi te peri nan rebelyon Koré a.
Men SENYÈ a te di Samuel: “Pa gade aparans li, ni wotè li, paske Mwen te rejte li. Paske Bondye pa gade tankou yon nonm gade. Paske lòm wè selon aparans deyò, men SENYÈ a wè kè a.”