Epi Abraham te reponn: “Alò gade byen, mwen te tante pale ak SENYÈ a, malgre mwen pa plis ke pousyè avèk sann.
Jenèz 3:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Avèk swè figi ou, ou va manje pen, jiskaske ou retounen nan tè a, paske ladann ou te sòti. Paske se pousyè ou ye, e se nan pousyè ou va retounen.” 1998 Haïtienne Se swe kouray ou ki pou fè ou mete yon moso pen nan bouch ou jouk lè w'a tounen nan tè kote ou sòti a. Paske, se pousyè ou ye, ou gen pou tounen pousyè ankò. |
Epi Abraham te reponn: “Alò gade byen, mwen te tante pale ak SENYÈ a, malgre mwen pa plis ke pousyè avèk sann.
Alò Senyè Bondye a te fòme lòm sòti nan pousyè tè a. Li te respire souf lavi fè l vin antre nan nen l, e lòm te devni yon nanm vivan.
“Mwen menm se yon etranje k ap demere pami nou. Ban mwen yon kote pou antèman pami nou pou m kapab antere mò a kote mwen p ap wè li.”
Li te di: “Toutouni mwen te sòti nan vant manman m e toutouni mwen va retounen la. SENYÈ a te bay, e SENYÈ a pran. Beni se non SENYÈ a.”
Konbyen anplis, pou sila ki rete nan kay fèt an ajil yo, ki gen pousyè kon fondasyon, ki vin kraze devan papiyon!
Ou kache figi Ou, e yo chagren nèt. Ou retire lespri yo; yo mouri e yo retounen nan pousyè yo.
Se an ven pou ou leve bonè e ale dòmi ta, pou manje pen a travay di yo, paske se domi Li bay a moun li renmen.
Fòs mwen vin sèch tankou cha kanari. Lang mwen kole akote nan bouch mwen. Ou fè m kouche nan pousyè lanmò a.
Tout moun byen reyisi sou latè va manje e adore. Tout sila ki desann nan pousyè a va bese devan Li, Menm sila ki pa kab fè nanm li viv la.
Mwen te konsantre tout refleksyon mwen pou chache e egzamine sou sajès tout sa ki te konn fèt anba syèl la. Sa se yon gwo tach lou ke Bondye te bay fis a lòm yo pou l ta aflije yo.
Paske konsa pousyè la va retounen nan tè a jan li te ye a, e lespri a va retounen kote Bondye ki te bay li a.
Kon li soti nan vant manman li toutouni an; se konsa li va retounen jan li te sòti a. Li p ap pote anyen nan men l kon fwi travay li.
Anpil nan sila ki dòmi nan pousyè latè yo va leve, yon pati pou lavi etènèl yo, men lòt yo pou gwo wont ak mepriz ki p ap janm fini.
Sila ki vòlè a pa dwe vòlè ankò, men pito, fòk li travay, pou fè avèk pwòp men li sa ki bon, pou li kapab gen yon bagay pou pataje avèk sila ki gen bezwen yo.
Paske nou sonje, frè yo travay ak difikilte nou. Jan nou te travay lannwit kou lajounen pou nou pa t yon chaj pou okenn nan nou. Konsa nou te pwoklame a nou menm levanjil a Bondye a.
Paske menm lè nou te avèk nou an, nou te konn bannou lòd sa a: si yon moun pa vle travay, alò, li pa dwe manje nonplis.