Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 3:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 Alò, lòm nan te rele fanm li an Eve, paske se li ki te manman a tout vivan yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

20 Adan bay madanm li non, li rele l Ev, paske se li menm ki manman tout moun k'ap viv sou tè a.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 3:20
14 Referans Kwoze  

Zanj SENYÈ a te di li anplis: “Byen gade, ou ansent, e ou va fè yon fis. Epi ou va rele non li Ismaël ki vle di Bondye tande, akoz SENYÈ a te okipe afliksyon ou yo.


Lòm nan te bay non a tout bèt domestik yo, a tout zwazo syèl yo, e a chak bèt chan, men pou lòm nan, pa t gen yon asistan sanblab ak li.


Lòm nan te di: “Koulye a sa se zo a zo mwen, e chè a chè mwen. Li va rele fanm akoz li te retire nan lòm.


SENYÈ Bondye a te fè rad avèk po bèt pou Adam avèk madanm li, e Li te abiye yo.


Li te rive, ke pandan nanm li t ap pati (paske li t ap mouri), ke li te nonmen li Ben-Oni; men papa li te rele li Benjamin.


Alò, li te rele non li Noé, e li te di: “Sila a va bannou repo sou travay di nou fè ak men nou ki leve sòti nan tè ke SENYÈ a te modi a.”


Pitit la te grandi, li te pote li bay fi a Farawon an, li te devni fis li. Li te bay li non Moïse, e li te di: “Akoz ke m te rale li sòti nan dlo a.”


Li va fè yon fis, epi ou va rele li Jésus paske se Li menm ki va sove pèp li a de peche yo.”


“Koute byen, vyèj la va vin ansent e l ap fè yon gason. Y ap nonmen li Emmanuel”, ki tradwi vle di “Bondye Avèk Nou”.


“Se Li menm ki te fè sòti nan yon sèl òm, tout nasyon a lòm yo, pou viv sou tout sifas tè a, e ki te deja detèmine fòs tan yo ta pase ladann, ak lizyè pou kote yo ta viv yo;


Men mwen pè pou menm jan ke Eve te twonpe pa riz sèpan an, pou panse nou ta de yon fason oubyen yon lòt detounen de devosyon sensè e san tach de Kris la.


Paske se te Adam ki te kreye avan, e answit, Eve.


Li te vin rive nan pwòp lè li, apre Anne te vin ansent lan, ke li te bay nesans a yon gason. Epi li te bay li non Samuel. Li te di: “Akòz mwen te mande SENYÈ a pou li.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite