Alò, Abraham te vin vye, byen avanse nan laj. Epi SENYÈ a te beni Abraham nan tout bagay.
Jenèz 26:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Alò, Isaac te simen nan peyi sa a, e li te rekòlte nan menm ane a san fwa. Senyè a te beni li. 1998 Haïtienne Izarak fè jaden nan peyi a. Lè lanne a bout, li rekòlte san fwa valè sa l te plante a, paske Senyè a te beni l. |
Alò, Abraham te vin vye, byen avanse nan laj. Epi SENYÈ a te beni Abraham nan tout bagay.
SENYÈ a te beni mèt mwen an anpil, jiskaske li vin reyisi anpil. Li te bay li bann mouton ak twoupo, lò ak lajan, sèvitè ak sèvant yo, e chamo ak bourik.
Li te vin rive apre mò Abraham nan, ke Bondye te beni fis li a, Isaac, epi Isaac te viv toupre Lachaï-roi.
ke ou p ap fè nou okenn mal, menm jan ke nou pa t touche ou, nou pa t fè ou anyen sof ke byen, e w ap voye nou ale anpè.’ Koulye a, ou se beni a SENYÈ a.”
Rete pou yon tan nan peyi sa a, Mwen va avèk ou, e Mwen va beni ou, paske a ou menm ak desandan ou yo, Mwen va bay tout peyi sa yo, e Mwen va etabli sèman ke Mwen te sèmante a papa ou a, Abraham.
Paske ou pa t gen anpil lè m te vini an, yo vin miltipliye anpil, e SENYÈ a te beni ou tout kote ke m vire. Men koulye a, se lè pou mwen okipe pwòp lakay mwen tou?”
SENYÈ a te beni dènye jou a Job yo plis pase premye yo. Epi li te gen katòz-mil mouton ak si-mil chamo, ak mil bèf kabwèt ak mil femèl bourik.
Va genyen anpil sereyal sou tout kolin peye a, fwi li yo k ap vannen nan van tankou pye sèd a Liban yo. Sa ki nan vil yo va fleri tankou vèdi latè.
Simen semans ou nan maten an; ni pa gaspiye tan nan aswè. Paske ou pa janm konnen si se nan maten oswa nan aswè semans lan ap reyisi; ni si se pa tou de k ap bon.
“Paske va gen semans lapè; pye rezen an va bay fwi li, peyi a va fè pwodiksyon pa l, e syèl yo va bay lawouze yo. Konsa, Mwen va fè retay a pèp sa a vin eritye tout bagay sa yo.
Konsa, sila ki te gen grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki tande pawòl la e ki konprann li. Li vrèman pote fwi ki pwodwi pafwa, san fwa, pafwa swasant fwa, e pafwa trant fwa sa li te simen an.”
Lòt te tonbe nan bon tè kote yo te bay yon bon rekòlt; kèk miltipliye san fwa, kèk swasant fwa, e kèk trant fwa.
“Lòt grenn te tonbe nan bon tè e pandan yo t ap grandi, ogmante, yo vin bay yon rekòlt ki te pwodwi trant, swasant, e menm san fwa.”