Mak 4:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen8 “Lòt grenn te tonbe nan bon tè e pandan yo t ap grandi, ogmante, yo vin bay yon rekòlt ki te pwodwi trant, swasant, e menm san fwa.” Gade chapit la1998 Haïtienne8 Men, yon lòt pati ankò tonbe nan bon tè. Plant yo leve, yo grandi, yo donnen. Gen ladan yo ki bay trant grenn, lòt bay swasant, lòt ankò bay san (100). Gade chapit laNouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil8 Men gen kèk grenn ki tonbe nan bon tè, li leve, li grandi epi li bay plis grenn toujou. Gen kèk ki bay 30 fwa plis, 60 fwa plis epi gen kèk menm ki bay 100 fwa plis.” Gade chapit la |