Mwen va desann koulye a, pou wè si yo te fè tout bagay selon gwo kri sa a, ki te vin jwenn Mwen an; epi si se pa sa, m ap konnen.”
Jenèz 11:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen SENYÈ a te vin desann pou wè gran vil avèk kay wo tou won ke fis a lòm yo te fè a. 1998 Haïtienne Senyè a desann pou l wè lavil la ansanm ak gwo kay won moun yo t'ap bati a. |
Mwen va desann koulye a, pou wè si yo te fè tout bagay selon gwo kri sa a, ki te vin jwenn Mwen an; epi si se pa sa, m ap konnen.”
SENYÈ a nan sen tanp Li an. SENYÈ a sou twon Li nan syèl la. Zye Li veye. Pòpyè zye Li sonde fis a lòm yo.
epi kite yo fin prepare pou twazyèm jou a, paske nan twazyèm jou a SENYÈ a va vin desann sou Mòn Sinaï a nan zye a tout pèp la.
Alò, Mòn Sinai te nan lafimen nèt akoz SENYÈ a te desann sou li nan dife. Lafimen li te monte tankou lafimen yon founo, e tout mòn nan te tranble avèk vyolans.
SENYÈ a te vin desann sou Mòn Sinai, sou tèt mòn nan. Senyè a te rele Moïse anwo tèt mòn nan, epi Moïse te monte.
Konsa, Mwen te desann pou delivre yo anba pouvwa Ejipsyen yo, pou mennen yo monte kite peyi sa a pou rive nan yon bon peyi byen vast, yon peyi k ap koule lèt ak myèl, nan plas kote Kananeyen yo avèk Etyen yo, Amoreyen yo avèk Ferezyen yo, Evyen yo, ak Jebizyen yo.
“Nanpwen pèsòn ki monte nan syèl la sof ke Li menm ki te desann sòti nan syèl la, Fis a Lòm nan menm.
Nanpwen kreyati ki kache devan zye Li, men tout bagay ouvri nèt e parèt toutouni devan zye a Sila ke nou oblije ran kont.