Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Egzòd 19:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 SENYÈ a te vin desann sou Mòn Sinai, sou tèt mòn nan. Senyè a te rele Moïse anwo tèt mòn nan, epi Moïse te monte.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

20 Senyè a desann sou mòn Sinayi a, sou tèt mòn lan menm. Li rele Moyiz sou tèt mòn lan. Moyiz moute al jwenn li.

Gade chapit la Kopi




Egzòd 19:20
12 Referans Kwoze  

Pou sa, Li te di: “Ale kanpe sou mòn nan devan SENYÈ a.” Epi veye byen, SENYÈ a t ap pase! Yon gwo van fò t ap boulvèse mòn yo e t ap chire wòch yo an mòso devan SENYÈ a. Men SENYÈ a pa t nan van an. Epi apre van an, yon tranbleman detè, men SENYÈ a pa t nan tranbleman detè a.


Anplis, Ou te desann sou Mon Sinaï, e te pale avèk yo soti nan syèl la. Ou te bay yo òdonans ki jis avèk lalwa ki te vrè, bon règleman avèk bon kòmandman yo.


Ou te rele nan twoub la e Mwen te fè ou sekou. Mwen te reponn Ou nan plas kote tonnè a kache a. Mwen te fè ou pase eprèv nan dlo Meriba yo. Tan


epi kite yo fin prepare pou twazyèm jou a, paske nan twazyèm jou a SENYÈ a va vin desann sou Mòn Sinaï a nan zye a tout pèp la.


Moïse te monte vè Bondye. SENYÈ a te rele li soti nan mòn nan. Li te di: “Konsa ou va pale ak lakay Jacob la pou di fis Israël yo:


Alò Moïse te monte nan mòn nan, e nwaj la te kouvri mòn nan.


Moïse te antre nan mitan nwaj la pandan li te monte sou mòn nan. Konsa, Moïse te rete sou mòn nan pandan karant jou ak karant nwit.


Alò, prepare ou pou maten an pou monte nan Mòn Sinaï, e prezante ou menm la devan Mwen, sou tèt mòn nan.


Konsa, Moïse te koupe de tablèt an wòch tankou sa ki te fèt avan yo. Li te leve granmmaten pou monte sou Mòn Sinaï a, jan SENYÈ a te kòmande li a. Li te pran de tablo an wòch yo nan men l.


Li te di: “SENYÈ a te sòti nan Sinai, e te parèt sou yo soti nan Séir. Li te briye soti nan Mòn Paran. Li te sòti nan mitan di-milye yo ki te sen. Nan men dwat Li, te gen yon lalwa byen cho ki te pou yo.


“Lè mwen te monte nan mòn nan pou resevwa tablo wòch yo, tablo akò ke SENYÈ a te fè avèk nou an, alò, mwen te rete sou mòn nan pandan karant jou ak karant nwit. Mwen pa t manje pen ni bwè dlo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite