Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jenèz 11:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Senyè a te di: “Gade byen, se yon sèl pèp yo ye, e yo tout gen menm lang, epi men sa ke yo kòmanse fè. Konsa, nenpòt sa yo eseye fè, yo p ap anpeche.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Epi li di: — Kounyeya, gade! Yo tout fè yon sèl pèp. Yo tout yo pale yon sèl lang. Gade sa yo konmanse ap fè. Talè konsa y'ap pare pou yo fè sa yo vle.

Gade chapit la Kopi




Jenèz 11:6
12 Referans Kwoze  

Alò, tout latè te sèvi avèk menm lang avèk menm mo.


Alò, SENYÈ Bondye a te di: “Gade byen, lòm nan gen tan vini tankou youn nan Nou, avèk konesans sa ki bon avèk sa ki mal. Koulye a, pou li pa lonje men l, pou pran osi nan ab lavi a, manje l e viv jis pou tout tan—”


Alò SENYÈ a te wè ke mechanste lòm te gran sou latè, epi ke chak entansyon ak panse nan kè li te toujou vè lemal.


SENYÈ a te pran sant dous la. Konsa, SENYÈ a te di a Li menm: “Mwen p ap janm modi tè a ankò akoz lòm, paske lentansyon kè li se lemal depi li te jèn. Ni mwen p ap janm detwi ankò chak bagay vivan jan Mwen te fè a.


Twa sila yo se te fis Noé yo, e nan twa sila yo tout tè a te vin peple.


Li te vin rive vè midi ke Élie te moke yo. Li te di: “Rele avèk vwa fò, paske li se yon dye! Oswa petèt li okipe, ke li okipe! Oswa li te vire akote, oswa li fè yon vwayaj, o petèt li dòmi e ou bezwen fè l leve.”


Rejwi jennonm, pandan jenès ou, e kite kè ou rete kontan pandan ane de laj jenès ou yo. Swiv sa ki atire kè ou ak dezi a zye ou, men konnen byen ke Bondye va rele ou nan jijman pou tout bagay sa yo.


Anplis de sa, Mwen te fè lapli sispann pandan te gen twa mwa ankò avan rekòlt la. Konsa, Mwen te voye lapli nan yon vil pandan Mwen te refize li nan yon lòt. Yon pati te jwenn lapli, pandan pati ki pa t resevwa lapli a te seche.


Li fè zèv pwisan yo avèk bra Li. Li te gaye sila avèk panse ògèy nan kè yo.


“Se Li menm ki te fè sòti nan yon sèl òm, tout nasyon a lòm yo, pou viv sou tout sifas tè a, e ki te deja detèmine fòs tan yo ta pase ladann, ak lizyè pou kote yo ta viv yo;


Ale e kriye fò a dye sila ke nou te chwazi yo. Kite yo menm delivre nou nan tan gwo twoub nou yo.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite