ke yo vin sèvi pou limyè nan gran espas syèl yo pou bay limyè sou latè”. Konsa, sa te vin fèt.
Jenèz 1:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen Bondye te fè de gran limyè, pi gran an pou gouvène lajounen, e pi piti a pou gouvène lannwit. Anplis, Li te fè zetwal yo. 1998 Haïtienne Bondye fè de gwo limyè, pi gwo a pou kòmande sou lajounen, pi piti a pou kòmande sou lannwit. Li fè zetwal yo tou. |
ke yo vin sèvi pou limyè nan gran espas syèl yo pou bay limyè sou latè”. Konsa, sa te vin fèt.
Li leve soti nan yon pwent syèl, pou fè wonn li rive jis nan lòt pwent lan. Anyen pa chape devan chalè li.
Konsa, zetwal syèl yo ak fòmasyon yo p ap bay limyè yo. Solèy la va nwa lè l leve e lalin nan p ap bay limyè li.
Konsa, lalin nan va vin twouble e solèy la va vin wont, paske SENYÈ dèzame yo va renye sou Mòn Sion ak Jérusalem, e laglwa Li va devan ansyen Li yo.
Leve zye nou anlè, e gade kilès ki te kreye zetwal sila yo; Sila ki mennen lame selès yo sòti pa chif yo. Li rele yo tout pa non yo. Akoz grandè a pwisans Li ak fòs pouvwa Li, nanpwen youn nan yo ki manke.
Sila ki te fòme limyè a ak fènwa a, ki fè bonè e ki kreye malè. Mwen se SENYÈ a, ki fè tout sila yo.
SENYÈ a ki bay solèy kon limyè nan lajounen e ki etabli lòd pou lalin ak zetwal yo pou bay limyè nan aswè, ki boulvèse lanmè a jis lanm li gwonde— SENYÈ dèzame yo se non Li, k ap di:
Solèy la ak lalin nan te kanpe nan plas yo. Nan eklè flèch Ou yo, ak briyans lans Ou yo, solay ak lalin nan te kanpe sou plas.
“Men imedyatman apre tribilasyon nan jou sa yo, solèy la va vin nwa. Lalin lan p ap bay limyè, zetwal yo va tonbe sòti nan syèl la, e pouvwa syèl yo va souke.
Alò, depi sizyèm lè (midi), fènwa te tonbe sou tout tè a jis rive nan nevyèm lè (twazè).
Gen yon glwa nan solèy la, yon lòt glwa nan lalin lan, e yon lòt nan zetwal yo; paske chak zetwal apa nan glwa li.
Veye ke nou pa leve zye nou vè syèl la pou wè solèy la, lalin avèk zetwal yo, avèk tout lame syèl la, e mennen pou adore ak sèvi yo, sila ke SENYÈ a, Bondye nou an, te chwazi pou tout lòt pèp anba tout syèl la.
Vil la pa gen bezwen solèy oubyen lalin pou klere sou li, paske laglwa Bondye te klere li, e lanp li se te Jèn Mouton an.