Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Abakik 3:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Solèy la ak lalin nan te kanpe nan plas yo. Nan eklè flèch Ou yo, ak briyans lans Ou yo, solay ak lalin nan te kanpe sou plas.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Flèch ou yo pati tankou zèklè. Lans ou yo klere byen klere. Lalin ak solèy pa parèt tèt yo deyò.

Gade chapit la Kopi




Abakik 3:11
11 Referans Kwoze  

Sepandan, eko yo retanti sou tout latè, ak sa yo pale jis nan ekstremite latè a. Nan mitan yo, Li te plase yon tant pou solèy la,


Paske SENYÈ a va leve tankou nan Mòn Peratsim. Li va fache tankou nan vale Gabaon, pou fè tach Li, tach ki pa sanblab ak lòt, e pou egzekite travay Li, travay ekstrawòdinè Li.


Gade byen, Mwen va fè lonbraj sou eskalye a, lonbraj ki te desann avèk solèy la sou eskalye Achaz la, pou fè back dis pa.” Epi konsa lonbraj solèy la te fè bak dis pa sou menm eskalye kote li te desann nan.


Li te fè bouch Mwen tankou yon nepe file; nan lonbraj men L, Li te kache Mwen. Anplis, Li te fè M vin yon flèch byen poli, e Li te kache Mwen nan fouwo Li.


Chevalye k ap kouri desann yo; nepe k ap klere yo, lans k ap briye tankou solèy yo. Anpil mò, yon gwo ma kadav, ak kò mouri san kontwòl— yo manke tonbe sou kadav mò yo!


Ou te rale banza a soti nan fouwo l; Ou te rele flech ou yo fè semàn an. Selah. Ou te fann tè a ak rivyè yo.


Epi SENYÈ a va vin parèt sou yo, e flèch Li va pati tankou kout loray. Senyè BONDYE a va sone twonpèt la, e Li va mache nan van tanpèt sid yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite