Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Abakik 3:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Nan gwo kòlè Ou, Ou te mache travèse tè a. Nan kòlè Ou, Ou te foule mache sou nasyon yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Ou move, w'ap mache toupatou sou latè. Nan kòlè ou, ou pilonnen nasyon yo anba pye ou.

Gade chapit la Kopi




Abakik 3:12
14 Referans Kwoze  

SENYÈ a sou men dwat ou. Li va kraze wa yo nan jou kòlè Li a.


O Bondye, lè Ou te sòti devan pèp Ou a, lè Ou te mache travèse dezè a,


Anplis, li te chase nasyon yo devan yo, te pataje pou yo yon eritaj selon mezi li, e te fè tribi Israël yo abite nan tant yo.


Paske nou fin manje nèt akoz kòlè Ou. E akoz kòlè Ou, nou boulvèse nèt.


Gade byen, Mwen te fè ou vin yon zouti tounèf, byen file tou de bò, pou kraze vannen rekòlt la. Ou va vannen mòn yo, kraze yo fen, e fè kolin yo vin tankou pay.


Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Fi Babylone nan tankou yon glasi vannen. Nan lè li, li foule byen solid, men nan yon ti tan, sezon rekòlt la rive sou li.”


Konsa pale SENYÈ a: “Akoz de twa transgresyon a Damas yo, menm kat, mwen p ap retire pinisyon li; akoz yo te bat Galaad ak zouti an fè yo.


Men Mwen fache anpil anpil ak nasyon ki alèz yo. Paske pandan Mwen te fache sèlman yon ti kras, yo te ogmante afliksyon an.”


“Lè L te fin detwi sèt nasyon nan tè Canaan an, Li te divize tè pa yo a kòm eritaj. Sa te pran anviwon kat san senkant ane.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite